Dynamic Organanisation

OPK, Karakol (Caracol)

Karakol se lakay yon òganizasyon kiltivatè ki itilize yon pepinye kakawo pou sipòte yon lekòl kominote. 

ASCOPCA, Akasya (Accacia)

Akasya se lakay yon òganizayson ki rele ASCOPCA, ki te rekanpe kiltivasyon kann nan kominote ki vin kreye komès ak yon amelyorasyon pou lavi nan zòn nan.

OPDB/COPDPDS, Belanje

Belanje se yon kominote ki se kay yon òganizasyon dinamik ki travay toude pou sipòte kiltivatè zòn nan epi nan jesyon sistèm dlo potab pou nan kominote a, epi tou gen yon akademi foutbòl ki fè anpil siksè.

RAJEPRE, Bwa Nef

RAJEPRE se yon òganizasyon dinamik an Bwa Nèf ki bay fokis nan domenn edikasyon sivik: yo opere yon lekòl kominote epi anseye timoun de enpòtans anviwonman ak rebwazman epi, nan menm tan, mobilize kominote pou kenbe lari yo pwòp.  

AFAJ, Jacmel

Yon koperativ k ap reyini atizan fanm an Jakmèl depi 2003, pou pataje resous ak konpetans.  

CCISR, St Raphael

Yon kominote ki avèk siksè aplike yon vas sistèm irigasyon avèk yon patnè, epi ki kounyea jere pa yon òganizasyon lokal epi ki rekanpe pwodiksyon agrikòl nan zòn nan. 

Shouk Bwa Libete, Gonaives

Chouk Bwa Libète se yon gwoup mizik rasin ki anbwase kilti ak atizay tradisyonèl Ayisyen an, epi ki te kreye yon espas nan kominote kote yo anseye jèn Ayisyen yo pou kontinye ak tradisyon sa yo.  

G27, Jacmel

Yon koperativ ki gen ladann 27 atelye atizan atravè Jakmèl ki pou pataje depans, ogmante vizibilite, fè pwomosyon kilti rich Jakmèl la, epi pou anseye jenès pou vin atizan. 

OFARR, Ravine des Roches

Ravin de Wòch se lakay yon gwoup fanm ki mobilize pou ede youn ak lòt nan aktivite komès, epi denyeman yo komanse yon lekòl kominote pou rezoud mank aksè edikasyon pou timoun nan zòn nan.   

Guacimal, St Raphael

Yon kominote ki, tèlman avèk anpil siksè, kwaze bèf lokal avèk yon bèf etranje epi fòme kominote nan elvaj ke kounyea yo pwodwi tèlman anpil lèt ke yo distribye l nan lekòl lokal yo gratis.

Pages

Subscribe to RSS - Dynamic Organanisation