AFAJ, Jacmel

Yon koperativ k ap reyini atizan fanm an Jakmèl depi 2003, pou pataje resous ak konpetans.  

 

Jakmèl se sant kiltirèl Ayiti a; se kay senbòlik pou powèt, pent, mizisyen, ak lòt atis an Ayiti.  Men Jakmèl se vreman sinonim yon sèl bagay: atizana.  Nan tout ti riyèl, Jakmèl gen yon pakèt ti atelye atizana, kote ke tout travay ap fèt:, po kalbas yo pentire,  bijou yo fè ak men ke yo vann, ets.  Nan tout atizana ki fèt Jakmèl, sa k pi selèb se travay sou papye-mache, ki fèt prensipalman pou kanaval chak anne a, ki se yon defile ki reprezante yon seri de gwo mask ak kostim papye-mache.  Men, paske genyen tout atizan sa yo nan Jakmèl, anpil fwa yo oblije goumen pou yo ka fè travay yo a vizib, pou vann yo nan bon pri, oubyen jwenn yon bon plas nan kanaval la. 

AFAJ (Asosyasyon Atizan Fanm Jakmèl) te fòme pou yon rezon similè: plizyè fanm k ap eseye avanse nan mond konpetitif travay atizana nan Jakmèl la te deside ke li ta pi bon si yo ta travay ansanm, donk yo te kreye koperativ la an 2003.  Koperativ la kontinye epi li byen fonksyone depi prèske dizan kounyea; medam yo konsidere l yon siksè, e yo rekonèt kòm yon fòs pou kilti atizana nan Jakmèl.  Yo opere nan menm fason avèk G27 tou: chak atis gen pwòp atelye pa li, men yo gen yon chop komèn kote yo vann pwodwi yo.  30% rèvni nan tout sa yo vann tounen nan bilding la, men medam yo santi li ase enpòtan paske yo jwenn plis vizibilite ak diyite.

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Micheline Bedythe: 38675757
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Jacmel