CCISR, St Raphael

Yon kominote ki avèk siksè aplike yon vas sistèm irigasyon avèk yon patnè, epi ki kounyea jere pa yon òganizasyon lokal epi ki rekanpe pwodiksyon agrikòl nan zòn nan. 

 
Sen Rafayèl, yon komin ki sitye nan zòn Sid nan depatman Nò a, aji kòm yon gwo kafou ant vil Okap, Sen Michèl (nan Latibonit) ak Potoprens.  Li gen youn nan pi nouvo e pi gwo mache piblik nan tout rejyon an, epi se yon mwaye pou komès (patikilyèman diri ak legim).  Sa se paske gen yon gwo sistèm irigasyon, ki te enstale an 1952 (ki rele Nan Sipa), ap bay dlo pou plis ke 3,000 kiltivatè pou pwodiksyon legim (nan sezon sechrès) epi pwodiksyon diri (nan sezon lapli).     
 

An 1991, sistèm Komite Blòk Irigasyon te fòme pou pèmèt kiltivate nan Nan Sipa yo gen plis kontwòl sou resous ki nesesè pou jesyon kanal la.  Dlo nan sistèm irigasyon sa sòti nan Rivyè Bouyara, kote li kapte premyèman epi apre antre nan yon kanal santral (15.7km longè), ki apre sa antre nan 19 kanal segondè yo.  Chak nan kanal segondè yo divize nan 3 kanal anplis, epi kanal sa yo gen 3 reprezantan pou kiltivatè ki itilize dlo yo epi ki chita sou yon komite de 9 moun pou chak blòk (yon blòk se tout tè ki irige pa yon kanal segondè).  Chak nan 19 komite yo voye youn reprezantan pou komite santral la, epi se konsa sistèm nan jere.  

Komite sa yo ranmase kotizasyon nan men kiltivatè yo chak anne (800 goud pa ekta) pou yo ka gen fon pou jere sistèm nan epi ranje l si ta gen pwoblèm.  Tou gen yon komite siveyans (ki separe ak komite santral la) ki responsab pou veye tout depans komite a epi pou asire kòb la byen depanse.  Epi tou, gen yon ti ekip teren ki regilyèman mache perimèt teren ki irige yo pou veye sistèm la, epi yo resevwa yon ti salè pou sèvis sa a.  An jeneral, lè gen pwoblèm, kiltivatè ki afekte yo rele yon "konbit" pou ranje sistèm nan.  Lè gen yon konfli pami kiltivatè yo, komite a sipoze fè medyasyon, epi si l twò konplike pou medyasyon, yo rele otorite lokal ak lapolis pou regle l.  Se sistèm sa ki jere kanal yo pou 20 anne; 3,000 kiltivatè gen teren ki irige pa sistèm sa a.

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Poleon Beauvoir, 37098369
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
St Raphael
Partners: 
Agro-Action Allemande