ODPM, Matiren (Mathurin)

Matiren se yon kominote ki izole nan mòn epi ki itilize tradisyon konbit pou òganize tout bagay ki enkli sanitasyon, edikasyon ak agrikilti.  

 

 


Matiren se 2zyèm seksyon kominal an Sen Rafayèl ki sitye anwo nan mòn.  Kominote sa goumen anpil kont epidemi kolera, kote aksè ak dlo pwòp difisil epi pa gen twalèt nan kominote a.  Men, yon òganizasyon ki rele ODPM te deside fè l yon priyorite pou adrese pwoblèm sa yo epi retire kolera nan kominote a.

Yo te kapte yon sous nan mòn pou bay dlo pwòp pou moun bwe nan kominote a, epi yo te resevwa 50 sak siman nan men UNICEF pou konstwi yon twalèt pou kominote a.  Sepandan, UNICEF te depoze sak siman yo nan pye mòn nan, donk kominote a te oblije itilize volontè pou monte mòn nan avèk siman pou fè twalèt atravè sistèm konbit la.  Moun nan kominote a te leve a 3è

 dimaten, travay ansanm, epi yo te reyisit nan konstriksyon twalèt la.  Kominote a itilize menm sistèm konbit sa pou fè wout nan kominote izole sa, epi pou konstwi premyè lekòl nan zòn na avèk materyèl ki te bay pa majistra a  Tou, yo menm konsèp konbit la pou pataje semans avèk kiltivatè yo, epi nan fin sezon an kiltivatè yo bay yon pati nan rekòt la pou òganizasyon an (avèk yon kontribisyon 25 goud), epi òganizasyon an itilize kòb sa pou voye timoun lekòl.

 

Kominote sa kapab anseye lòt sou kijan itilize metòd ak pwensip de tradisyon konbit la pou rezoud kèlkeswa pwoblèm nan kominote a, ki enkli sanitasyon, agrikilti ak edikasyon.

GPS coordinates: 
Primary contact: 
1Charles Germain, president of ODPM. Telephone: 36049728
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
2em section communale Mathurin
Commune: 
St Raphael
Partners: 
UNICEF, CECI, mayor of St Raphael