Success Stories

Demontreuil

 

 

Nan Demontreuil, genyen yon oganizasyon ki rele APADD ki ap travay pou bay kiltivate akse ak fomasyon, semans, zoutil, mikro-kredi, e yo ap envesti benefis yo nan kominote yo a.

Metanoia

Metanoia se yon mouvman jèn moun nan Site Solèy pou transfòme vi yo epi redwi vyolans atravè spò ak sèvis kominote. 

SAKALA (Pax Christi)

 Pax Christi/SAKALA: Edikasyon sivik pou jènes Site Solèy ak aktivite spòtif e anviwonmantal.

 

OPADEL, La Montagne

 OPADEL se yon òganizasyon kominote ki trè dinamik ki enplike tèt li nan tout bagay ki enkli pwodiksyon pepinye epi jesyon yon lekòl preskolè, tout ki sa yo fè pou bay jenès la yon rezon pou rete nan kominote a. 


Vodrey (Vaudreuil)

Vodrey, ki sitye nan zòn riral Site Solèy, se yon kominote agrikiltirèl ki trè dinamik epi ki gen anpil siksè avèk yon sistèm mikwo-kredi ki rele Mutuelle de Solidarite.  

Akilbastè (Acul Basse-Terre)

Kominote Akilbastè reyisi elektrifye tet li ak kowoperasyon ak vwasin li a e tet ansamn kominote a. 

Tènèt (Ternette)

Tènèt se yon kominote ki avèk sikse pran kontwòl yon sant sante epi jere yon sistèm irigasyon nan kominote a.  

Dezam (Desarmes)

 GASA se yon gwoup jen ki fini inivesite e ki tounen nan kominote yo pou ede elaji yon sant pwofesyonel

Valere

Kominote Valere rebwaze tet li apre plis ke 20 an ap travay pou sa, e l'ap fe yon model fore dirab. 

Bokozèl (Bocozelle)

 Bokozel gen yon oganizasyon kominote a kote y'ap jere yon sistem dlo ak pano sole a nan yon fason dirab.

Pages