Bokozèl (Bocozelle)

 Bokozel gen yon oganizasyon kominote a kote y'ap jere yon sistem dlo ak pano sole a nan yon fason dirab.
 
Asosyasyon pou devlopman Chevodèklòch 

Asosyasyon pou devlopman Chevodèklòch (Chevreau des Cloches) fonde nan lane 1991. Yo travay nan domèn lagrikilti. Yo distribye an grè epi konstriksyon yon magazen kominotè  pou vann entran agrikòl. Yo fè entèvansyon nan kiray kanal irigasyon. Lè yap fè ki ray se tout kominote ki patisipe nan travay la ak fòs ponyèt yo epi ak patisipasyon finasye yo pou bay manje ak bwè.

Yo Mennen demach pou mete yon sant tretman dlo flèv la nan lokalite a. Lè kominote a te raproche  DINEPA pou pouf è demann sant  la, se sèlmann materyèl yo avèk siman  DINEPA te pwomèt kominote a. Se kominote a ki te bay teren, sab epi te travay nan fouye fondasyon ak peye bòs pou konstriksyon sant treman dlo flèv la. Sant filtay dloo a itilize  yon ponp pour ale dlo flèv  ki mache ak enèji solèy. Ponp la fonksyone tout lajounen. Bokit dlo yo vann 2 goud men si wap achte 3 bikit se 5 goud lap koutew. Se yon komite twa manm ki soti nan lokalite a kap jere sant la moun sa y opa touche lajan pou sa. Se yon moun  ki soti nan lokalite kap travay kòm teknisyen nan Sant epi tou se li menm kap distribye dlo nan kominote a.

 ODJL/KDL, Lagranj

OJDL ak KDL  se 2 òganizasyon ki endepandan youn ak lòt men ki travay ansanm lè yap mennen  yon inisyativ kominotè. KDL siyifi Konbit pou devlopman Lagranj. Òganizasyon sa fonde nan lane 1982. OJDL se jèn yo pou devlopman Lagranj. Li fonde nan lane 1998.

Yo travay tou nan domèn ledikasyon Nan ane 2004 pou rive 2006 yo manm OJDL. Yo te fè demach bò kote meri Senmak la pou kòman li te kapab ede yo konstri yon lekòl Leta nan zòn nan pou fasilite plis timoun ale lekòl. Se konsa meri a tou fè yo jwenn yon patnè pou konstri lekòl la pou yo nan ane 2008 la. Se kominote a ki te bay teren pou konstrisyon lekòl, epi tou yo te bay enèji yo pou konstriksyon an nan brote materyo ak fouye fondasyon.

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Chritian Jordone, abitan Chevodeklòch (Chevreau des Cloches), koodinate of ADCC. Telefon: 3643 7676
Joseph Fils, abitan Lagranj (Lagrange), koodinate OJDL. Telefon: 3802 5822
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Bokozèl
Commune: 
St. Mark
Partners: 
DINEPA
CHF
Ministe Agrikilti ak Resous Natirel
ATED