Metòdoloji

Future Generations Haiti te pyonye yon metòdoloji nouvo konnen kòm “Success Mapping” pou pote pi devan evidans de inisyatif ki dirije pa kominote pou kreye chanjman pozitif an Ayiti.

 

Nan dezyèm mwatye nan 2012, yon ekip de 8 kartograf kominote Ayisyen te vwayaje atravè 4 nan 10 depatman Ayiti yo pou idantifye epi fè kat de pwosesis dirije pa kominote ki bay yon rezilta de chanjman pozitif. Inisyativ kominote yo ki prezante nan platfòm Wozo Ayiti yo te analize ak anpil atansyon epi mete nan kategori avèk metòdoloji Future Generations ki rele “SEED-SCALE”.

 

SEED-SCALE se toude yon pwosesis pou pratike devlopman kominote ak yon kad analitik pou evalye chanjman ki kondwi pa kominote a. SEED-SCALE soti nan yon etid mondyal de siksè nan domenn chanjman kominote ki ekitab ak dirab. Etid sa te fèt nan ane 1990 yo pa Future Generations, UNICEF, Fondasyon Rockefeller, ak Inivèsite Johns Hopkins. Etid la aborde kesyon yo de sa ki te mache byen nan domenn devlopman kominote, spesifikman sou kòman yo pran siksè ki baze nan kominote pou pran echèl rejyonal ak soutni momantòm yo.

 

8 Kartograf kominote ki vwayaje atravè Ayiti yo te chache pou aktivite ki demontre 6 karakteristik debaz pou inisyativ siksè ki kondwi pa kominote, idantifye pa gwoup diskisyon konsiltatif ak lidè kominotè nan tout peyi a. Kat jeyografik Wozo Ayiti a prezante efò Ayisyen reyèl ki satisfè 6 kritè sa yo:

 

1. Orijine nan, oswa adopte pa kominote a

2. Kondwi pa patisipasyon ak jesyon kominote

3. Benefisye tout moun nan kominote a

4. Amelyorasyon antyè nan fason pou viv

5. Aborde kesyon de dirabilite

6. Itilize epi transfòme resous lokal, pou benefis de kominote a

 

Haitian Creole