- English
- Français
- Haitian Creole
Biografi Ekip:
Louis Willes
Mwen rele Louis Willes. Mwen fèt nan vil Saint-Marc nan dat ki te 28 Desanm nan lane 1983. Mwen rete nan yon lokalite ki rele Souboy nan premye seksyon Delije (Delugé) nan komin Saint-Marc. Manman m te mete’m nan yon lekol ki rele (MPCA) Mission Possible Christien Academie, depi nan preskolè jouk nan 9eme anne fondamantal (sa yo rele 4 eme sekondè). Aprè m te al fè 3eme sekondè jouk nan filo nan Lycée National Montrouis nan lane 2008. Nan fen 2008 mwen te oblije antre Port-au-prince pou’m te ka kontinye ak etid siperyè. An Oktòb mwen te oblije antre nan 2 lekòl profesyonèl. 1er se te New Word English School pou aprann angle epi CETINFO pou enfòmatik. Aprè m te antre nan inivèsite ki rele CUPH pou m te pran jeni elektromekanik e sivil. An janvye 2012 mwen te jwenn yon fòmasyon sou katografi (mapping) gras a COSMHA (Community Open Street Map Haiti). Kounye a mwen se kòdonatè COSMHA epi tou m ap travay kòm kartograf avèk Future Generations. Mwen patisipe nan katografi nan vil Saint-Marc ak nan pifo zonn nan depatman Latibonit lan.
Cyprien Dieudonne
Mwen se Cyprien Dieudonne. Mwen fèt Jakmèl nan zon Sivadye. Mwen te fè etid prime nan Lekòl Mix Dye Tou-Pisan nan Sivadye epi seconde nan Latrinite Jakmel. Mwen swiv fòmasyon Open Street Map epi kounye a m ap travay kòm mapè avèk Future Generations.
Metellus Jhonny
Mwen se Metellus Jhonny. Mwen fèt nan depatman Lwès nan anne 85. Mwen te rete Korido Basia men a 3 zan mwen ale a Site Soley. Mwen te lekòl nan Pelerin kote m fè 1 ane jiska 6 anne. Apre, mwen te ale Izarak Bed de 6 a 3 secondè. Nan mwa Jiye, mwen komanse travay ak Future Generations kòm mapè. Answit, mwen se yon lidè kominote epi yon manb nan yon mouvman volontè nan Site Soley ki se Konbit Soley Leve. Mwen fè sansibilizasyon ak jenn yo, fè yo pran konesans de tèt yo epi m fè demand bous pwofèsyonèl pou yo. Apre tout sa, mwen se yon chofè e mekanisyen.
Abraham Lissa Stania
Mwen se Abraham Lissa Stania. M gen 23 an. Mwen abite Jacmel, nan depatman Sud’ Èst. M tèmine etid segondè mwen yo epi kounya m nan premye anne komptabilite. Mwen gen 1 an ke m ap travay kòm mapè. Premye eksperyans mapping mwen fè te avèk COSMHA e m ap travay kounya nan Future Generations.
Petit Frere Jean Junior
Mwen se Petit Frere Jean Junior. Mwen gen 25 an. Mwen te abite Site Soley kote mwen bay anpil patisipasyon nan tout travay kominote a. Pa egzanp, mwen te travay pou fè yon pon kominote nan Soley 4 pou te fasilite timoun nan zon lan al lekòl. Mwen yon manb nan yon mouvman ki rele Soley Leve ki travay nan tout domenn, espesyalman nan aprann moun itilize pwòp resous yo genyen pou fè devlopman nan kominote kote y ap viv. Mwen toujou travay nan netwaye bò lakay mwen. Kounye a, depi Jiye 2012, m ap viv Okap kote m ap travay kòm mapè avèk Future Generations. Se Robillard Louino ki fòme m nan domenn sa epi li fyè de mwen. Mesi!
Rubin Jimmy
Mwen se Rubin Jimmy. Mwen fèt Gran-Gwav nan lanne 1981. Mwen grandi epi ale lekòl nan komin Kafou. Depi 13 Janvye 2012 la m ap viv Sen Mak. Mwen genyen lespri ouvè. Mwen rayi ipokrizi. Mwen renmen lavi. Mwen genyen fòmasyon akademik nan domènn sosyoloji, antreprenarya epi katografi. Mwen se mèt yon antrepriz ki rele Binji Services Consultatifs Aux PME. Antrepriz sa nan sektè sèvis kap apiye ti antrepriz yo. Li baze nan Sen Mak, depatman Latibonit.
Soti mwa Janvye pou rive mwa Mas lanne 2012 la mwen te patisipe tankou volontè nan yon pwojè HRI/USAID, COSMHA ak HOT te genyen pou mete komin Sen Mak sou kat. Depi mwa Jiyè 2012 la mwen angaje ak Future Generations nan yon inisyativ li genyen sou peyi Ayiti kote l ap idantifye inisyativ kominote lokal yo reyalize ki ale nan sans siksè kominote oubyen chanjman sosyal.
Robillard Feniol
Mwen se Robillard Feniol. M se orijine Sen Rafayèl nan depatman Nò. Mwen fèt Sen Rafayèl nan seksyon Bouyaha, abitasyon Gwacimal. Manman m rele Janbatis Gercia e papa m rele Robillard Fleras. Mwen gen 35 an. Mwen fè elektrisite endistriyel e domestik. M se yo brigadye volontè fòme pa Eropeen. M se chofè. Mwen travay nan devlopman kominote nan Sen Rafayèl. M patisipe nan tout aktivite devlopman Sen Rafayèl sitou espò. Nan mwa Jiye 2012, mwen komanse travay kòm mapè ak Future Generations. Moun ki fòme m nan rele Robillard Louino. Mesi!
Jerome Fedras
Mwen se Jerome Fedras. Mwen fèt nan depatman Sid nan anne 87 nan yon zonn ki rele Akin. Apre sa manman m antre Potoprens ave m paske se la li t ap viv. Le mwen te gen 3 zan, li te mete m nan yon lekòl ki rele CBS (Club du Bon Bamaritin). La mwen te fè de premye anne a mwayen 2. Apre mwen te fè de 6 a 4 anne nan yon lekòl ki rele Fratènite Kolèj Miks. Apre mwen ale nan Lise Nasyonal de Site Soley. Depi nan lanne 2000 mwen te komanse fè volontarya nan zonn kote mwen rete paske m te we zonn bò lakay mwen te preske redwi an asenisman. Apre anne 2010 mwen te antre nan yon mouvman ki rele Konbit Soley Leve pou m te ka kontinye fè volontarya elaji plis nan zonn pa m nan. Depi Jiye 2012 m ap travay kòm mapè ak yon òganizasyon ki rele Future Generations.
Robillard Louino
Mwen rele Robillard Louino, men konpatriyot mwen yo rele mwen Robi. Mwen te fèt nan 1 Avril, 1986 nan St Raphael, Nord, Haiti. Sa vle di mwen se 9em generasyon apre Papa nasyon Ayisyen an kise Jean Jacques Dessalines. Apre lanmo manman mwen le mwen te gen 3 zan, papa mwen te kite kote mwen te fèt la St Raphael pou li te ka chache plas pou edikasyon pou mwen. Vi ak ekonomi papa mwen, Site Soley se sèl kote li te ka viv ak mwen. Tout sa vle di depi 23 zan, Site Soley se te nouvo manman mwen ki te ban mwen edikasyon ak fòmasyon.
Mwen se yonn nan mamb fondatè de yon mouvman sosyal nan Site Soley ki rele Konbit Soley Leve. Mwen se yonn nan manm fondate nan C-OSM.HA (Community Open Street Map Haiti). Mwen se yonn nan bòd Haiti Communitere (HC). Mwen se yonn manm nan bòd de Future Generations Haiti tou. Mwen te etidye jesyon kominote nan GRIDE ki se Gwoup de Rechech e Entevansyon nan Edikasyon e nan Devlopman. Mwen te fòme kòm mapè pa Open Street Map (USER name mwen se Rlouino) apre tranbleman tè a, e mwen te vin yon mapè avanse. Toujou pou sipòte peyi mwen apre tranbleman tè a, mwen te refize al nan universite pou mwen te ka ede Ayiti ak sistem jeyografik li. Mwen te travay kòm mapè avanse nan Organization International pour le Migration (OIM) pou yon peryòd de 16 mwa nan depatman kominikasyon e ris ak dezas. Apre mwen te demisyone pou mwen te ka angaje mwen a plen tan nan etid Metriz “Chanjman Kominote e Peace Building” ke mwen ap fè nan Future Generations Graduate School. Mwen se yon fòmate nan chanjman kominote e mobilizasyon kominote (nan SEED-SCALE/ Konbit metòdoloji), mwen se yon etidyan yon ideyoloji Ayisyen ki rele Konbit ki se yon tèm ki gen anpil fòs nan listwa Ayisyen. Mwen ap travay ak Future Generations Haiti depi mwa Me 2012, men depi mwa Jen m ap travay kòm Head Mapper & Program Manager.