Akilbastè (Acul Basse-Terre)

Kominote Akilbastè reyisi elektrifye tet li ak kowoperasyon ak vwasin li a e tet ansamn kominote a. 

 

 

 

MDJL- Mouvman jèn yo pou devlopman Lakilbastè.

 Se yon òganizasyon ki fonde nan lane 2005.  Nan kad Chanjman sosyal la MJDA te mennen demach bò kote manm kominote epi chache sipò kèk patnè pou eliktrifye localite Akilbastè a. Demach yo te abouti. Kominote a te envesti 20% nan lajan ki te reyalize pwojè a. Jodi  a yo gen yon liy ki konstwi sou 1.5 km epi  genyen plis pase 200 fanmi nan Akilbastè ki genyen kouran lakay yo. Kouran an pèmèt anpil fanmi fè komès glas ak bwason gazez. Kouran pèmèt ekleray lokalite a epi konbat marengwen ,pou kèk fanmi, sila  yo ki genyen fantilatè.

Se yon komite MJDA mete sou pye, ki genyen moun nan kominote a, kap jere liy kouran an ak distribisyon an. Se komite sa ki ranmase yon frè chak mwa nan men fanmi kap konsome kouran an. Nan kòb yo ranmase a yon pati pou EDH, lòt pati a pou kominote a. Sa ki pèmèt yo repare liy la epi agrandi sistem nan. Nan egzekisyon pwojè se 15 % fanmi li te touche. Avèk lajan yo deja rantre plis pase  98% fanmi Akilbastè déjà genyen kouran lakay yo

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
1. Zamor Rony , abitan Akilbastè, konseye nan MJDA. Telefòn: 3373 0052.
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Vila
Commune: 
Desalin
Partners: 
CECI