Tènèt (Ternette)

Tènèt se yon kominote ki avèk sikse pran kontwòl yon sant sante epi jere yon sistèm irigasyon nan kominote a.  

 

Dispansè kominotè Tènèt 


Sant sante pou kominote nan Tènèt te fonde an Jiye, 1996, men te ouvri pòt li jou 8 Janvye, 1997.  Sant sante a te konstwi avèk lajan kominote ansanm ak sipò de enstitisyon (OIM ak Lopital Albert Schweitzer).  Nan peryòd 1997-2005, Lopital Albert Schweitzer (HAS) te konn voye doktè ak enfimyè pou jere sant la.  Anvan sant la te fonde, moun Tènèt yo te oblije mache 4-5 èdtan pou ale lopital nan Vèrèt.   

An 2005, te gen yon pwoblèm nan kominote epi HAS te oblije retire doktè ak enfimyè yo, epi sant sante a te femen pòt li.  KDS6ST (Komite pou Devlopman 6yèm Seksyon nan Tènèt) te re-ouvri pòt sante a avèk kredi KOPOSOV pou achte medikaman.  Sant la genyen youn asistan oksilyè ki travay kòm volontè.  Lè pa gen epidemic yon maladi, yo konn resevwa 10-15 pasyan pa jou nòmalman.  Frè konsiltasyon se 50 goud, epi pasyan kapab achte preskripsyon medikaman nan famasi a.

 

Jesyon Dlo Tènèt 

Dlo trè ra nan Tènèt poutèt elevasyon an (1200-1300 mèt pi wo pase lanmè).  Gen de ti sous natirèl nan zòn Labòn epi Bab.  Sous sa yo pa pwodwi anpil dlo, donk moun nan kominote a te konn pase tout nwit la bò sous la pou pran dlo.  Kantite moun ki te ale nan sous la te ap degrade anviwonman epi eta sanitasyon de sous la.     

Avèk sipò Helvetas Haiti epi Asanble Konseye Kominal nan seksyon an, yo te kapte toulede sous yo.  Inisyativ sa pèmèt yon gran amelyorasyon nan toude kalite ak kantite dlo a.  De zòn Labon ak Bab yo te etabli yon komite, ki gen 7 manm, pou jere 2 sous yo.  Yon bòkit dlo koute 50 santim.  Nan sezon lapli a, chak fanmi kapab achte 2 bòkit chak maten epi 2 bòkit chak apremidi a.  Nan sezon sechrès la, komite a sèlman distribye dlo 3 jou nan semèn nan.

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Darelus Monace, Kòdonatè Kazèk Tènèt. Telefòn : 3818 2235
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
6em section
Commune: 
Veret
Partners: 
HAS, OIM, Oxfam GB, Leta
Helvetas Haiti