SOFABS se yon gwoup fanm ki trè aktiv nan mobilizasyon pou yon pakèt bagay ki enkli reparasyon wout nan kominote, rediksyon vyolans sou fanm, epi kreyasyon aktivite pou jèn nan zòn nan.
Ravin de Wòch se lakay yon gwoup fanm ki mobilize pou ede youn ak lòt nan aktivite komès, epi denyeman yo komanse yon lekòl kominote pou rezoud mank aksè edikasyon pou timoun nan zòn nan.
Yon kominote ki, tèlman avèk anpil siksè, kwaze bèf lokal avèk yon bèf etranje epi fòme kominote nan elvaj ke kounyea yo pwodwi tèlman anpil lèt ke yo distribye l nan lekòl lokal yo gratis.
Yon kominote nan mòn ki trè prodiktif nan agrikilti men ki te izole, lwen a wout pwensipal yo. Yo reyisit pou angaje otorite lokal ak yon patnè pou fè yon wout.