SOFAB, Bwa Nef, St Raphael

SOFABS se yon gwoup fanm ki trè aktiv nan mobilizasyon pou yon pakèt bagay ki enkli reparasyon wout nan kominote, rediksyon vyolans sou fanm, epi kreyasyon aktivite pou jèn nan zòn nan.   

Bwa Nèf se yon ti seksyon riral nan Sen Rafayèl ki gen anviwon 14,000 abitan.  Andan Bwa Nèf gen yon òganizasyon fanm fò ki rele SOFABS (Solidarite pou Fanm Bwa Nèf, Sen Rafayèl) ki angaje nan prèske tout aspè lavi kominote.  Yo travay volontèman pou repare wout nan kominote lè yo fin kraze, yo gen yon sòl (yon sistèm mikwo-kredi) pou bay fanm mwayen finans pou fè ti komès, epi yo kreye aktivite sosyal pou jèn fanm ak gason tankou match foutbòl.  Epi tou, yo jwe yon wòl nan defans:  lè gen yon fanm ki viktim de vyolans seksyèl, yo travay kòm defansè pou ede l jwenn jistis.  Finalman, yo travay nan domenn anviwonman avèk rebwazman pou pwoteje yon sous lokal. 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Bernadette, 46026349
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Bwa Nef
Commune: 
St Raphael