Artisan Center in Cite Blode, Cite Soleil

Site Blòdè se lakay yon koperativ atizan de jèn fanm ak gason ki vle kreye yon mwayen pou viv ki dirab atrave kreyativite.  

Site Solèy se yon kominote ki gen anpil jèn men ki pa gen anpil aksè a travay, kidonk gen plizyè mil jèn ki gen anpil talan men pa gen okèn kote pou jwenn travay.  Sa se youn nan pi gwo kòz de enstabilite nan zòn nan. 

Malgre sa, gen jèn ki pran inisyativ pou kreye mwayen pou tèt yo, epi se egzakteman sa ke yon gwoup jènes nan katye ki rele Site Blòdè te fè.  Yo te jwenn jèn gason ak fanm nan zòn nan ki gen abilite nan atizay ak atizana, epi yo te fòme yon ti koperativ avèk yon atelye komèn pou ekspoze travay yo epi kreye mwayen pou viv pou tèt yo.  

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Francois Monpremier, 37150987
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cite Soleil