OFARR, Ravine des Roches

Ravin de Wòch se lakay yon gwoup fanm ki mobilize pou ede youn ak lòt nan aktivite komès, epi denyeman yo komanse yon lekòl kominote pou rezoud mank aksè edikasyon pou timoun nan zòn nan.   

 

Ravin de Wòch, nan komin Lenbe, gen anviwon 16,000 abitan.  An 2005, yon gwoup 74 fanm te deside fòme yon òganizasyon ki rele OFARR (Òganizasyon Fanm an Aksyon nan Ravin de Wòch), paske yo te santi ke lè a rive pou mobilize pou pwòp priyorite pa yo.  Aktivite prensipal yo se komès:  nan chak reyinyon, chak manm bay 5 goud, epi kòb sa antre nan yon kès pou prete fanm pou fè ti komès, epi lè kòb sa fin remèt yo prete yon lòt fanm, ets.  Tou, yo gen yon antrepriz komèn (pou vann diri, lwil ak glas) nan sant vil la pou jenere plis fon pou ede plis fanm.    

Tou, pandan de anne pase yo, y komanse opere yon lekòl kominote.  Yo te vin reyalize ke anpil timoun nan kominote a pa t gen aksè lekòl, donk yo te mobilize kominote a atrave pase yon anvlop pou kolekte lajan epi yo jwenn volontè pou konstwi yon strikti senp.  Kounyea, lekòl la gen 110 timoun enskri (laj 3-12), epi kominote kontribye pou peye pwofesè sa yo kapab, men yo mande sèlman 1 goud nan men paran yo pou frè lekòl la.  Gwoup fanm nan tou fè teyat avèk timoun yo epi yo itilize evènman kominote pou leve fon pou achte lòt materyo pou lekòl la tankou liv, lakre epi dlo.  

 

 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Domeus Marie Ange, Telephone: 39122585
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Ravine des Roches
Commune: 
Limbe