Lavanneau

 Yon kominote ki jere avèk siksè plizyè sous dlo pou distribye dlo nan kominote a, kote dlo ra jeneralman.

 

 

Lavano se yon kominote nan seksyon riral Jakmèl ki gen 15,000 abitan.  Kominote sa fò an agrikilti men, tankou anpil kominote agrikiltirèl an Ayiti, yo gen difikilte pou wouze jaden yo.  Yo pa sèlman gen pwoblèm irigasyon, men tou pou jwenn ase dlo pou moun sèvi chak jou.  

An 2010, kominote mobilize pou kreye yon plan aksyon pou adrese pwoblèm sa a.  Yo komanse travay volontèman pou kreye e kenbe yon rezo kanal pou irigasyon nan kominote a epi, atrave efò yo, yo vin gen respè yon patnè, FKGJ, ki ede finanse yon pati nan materyèl yo te bezwen pou ranfòse kanal yo avèk beton.  Yo tou resevwa sipò pou kapte epi jere 3 sous natirèl nan kominote a pou yo ta ka bay rezidan Lavano yo dlo pou sèvi lakay yo.  Kounyea, tout sistèm sa yo jere pa kominote a.   

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Noel Serest:36398515
Haitian Creole

Success gradient:

Partners: 
FKGJ