RAJEPRE, Bwa Nef

RAJEPRE se yon òganizasyon dinamik an Bwa Nèf ki bay fokis nan domenn edikasyon sivik: yo opere yon lekòl kominote epi anseye timoun de enpòtans anviwonman ak rebwazman epi, nan menm tan, mobilize kominote pou kenbe lari yo pwòp.  

 


Bwa Nèf se yon katye nan Site Soley ki gen anpil difikilte an komèn ak rès zòn nan: mank de sanitasyon, pwoblèm fatra, chomaj, epi menm ensekirite.  Men, gen plizyè gwoup andan Bwa Nèf ki deside kanpe epi pran responsablite pou katye pa yo.    

Youn nan gwoup sa yo se RAJEPRE (Rezo Jèn Ajan Angaje pou Pwoteksyon Reyèl de Anviwonman) te fonde nan 2006 nan zonn Bwa Nèf nan Site Soley.  Misyon yo se pou amelyore kondisyon lavi nan katye a atravè  yon anviwonman ki pwòp e ansante epi yon edikasyon ki solid, pandan y ap enplike kominote a nan chak etap de pwosesis la.  Yo gen 120 manm epi jere pa yon komite ki gen 5 manm.  

Premyè inisyatif RAJEPRE te etablisman yon lekòl kominote ki rele CEFJ (Sant Edikasyon pou Fòmasyon Jèn), kòm yo te we nesesite pou yon bon kalite edikasyon ki gratis nan Bwa Nèf.  Yo vin patnè ak yon jadendanfan nan zòn nan pou etabli lekòl la, epi se sa k te vin mwaye pou tout aktivite yo.  Yo komanse fè kandete pou timoun (avèk aksan sou kilti e fòmasyon pwofesyonèl) epi lòt tip fòmasyon nan lekòl la, tankou asistans siko-sosyal pou jèn etidyan yo epi fanmi plannin pou fanm.  Anne sa a (2012), yo komanse yon nouvo inisyatif pou etabli yon ti pepinye kominote nan lekòl la kote yo plante yon majorite de pye benzoliv, ki rekoni pou yon pakèt benefis lasante epi ki se yon zouti pou anseye timoun enpòtans nitrisyon epi anviwonman.  Tou, RAJEPRE te fè patènarya ak PADF pou konstwi yon nouvo lekòl ki gen 5 sal pou CEFJ.  

RAJEPRE trè enplike nan pwomosyon aksyon sivik nan kominote a, kòdone e patisipe nan yon kanpay pwòpte lari a epi lòt pwojè pou anbèli katye a.

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Winter Luc, 38664656
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
PADF, Haiti Communitere