FTKDG, Gan Bad (Grand Bad)

Gan Bad se yon kominote ki konstwi wout li ak men popilasyon nan ak konbit, e yo kolabore nan tout lot fason pou lavi yo.

 

Gan Bad se yon kominote riral ki sitye sou kote Gran Rivyè di Nò.  Li gen anviwon 8000 abitan, epi ki se yon kominote agrikiltirèl ki, anvan, te konn pwodwi anpil kafe ak kakawo, epi jiska prezan ap itilize teknik ki rele agro-forestry.  

Gan Bad se lakay 5 òganizasyon diferan ki fè anpil aktivite nan yon varyete domenn, men yo tout inifye sou youn priyorite:  pou fè wout nan zòn kominote a ki izole yo.  Chak Vandredi, kominote a reyini pou bay ti kontribisyon (donasyon zouti, manje, oubyen kòb) pou pèmèt travay kontinye nan jou demen an; chak Samdi, kominote a rele yon konbit (yon sistèm tradisyonèl pou fè travay ansanm) epi plis ke de douzen moun (jèn ak granmoun, gason ak fanm) vini pou kraze kò yo pou koupe mòn pou fè wout la.  Aktivite tèt ansanm sa avèk yon objektif komèn vin fasilite fòmasyon yon federasyon de tout òganizasyon yo, ki rele Federasyon Tèt Kòle pou Devlopman Gan Bad.  Vizyon federasyon an se pou fè wout la kontinye 18 kilomèt pou rive Sen Rafayèl, epi lòt pi gwo vizyon an se pou gen yon kominote ki trè rezistan.

Kominote sa kapab anseye lòt kijan pou fè bon jan mobilizasyon atravè sistèm konbit epi òganizasyon peyizan yo pou akonpli priyorite kominote yo.  Yo gen eksperyans nan strateji pou fè wout nan kominote, epi kijan pou anpeche ewozyon lè w ap fè wout nan mòn.  Tou gen yon pakèt konesans nan kominote a sou sije rebwazman, spesifikman avèk kiltivasyon kafe ak kakawo.

 

 

 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Fre Kade (delegate of the Federation)
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Gan Bad (Grand Bad)
Commune: 
Grand Riviere du Nord