Demontreuil

 

 

Nan Demontreuil, genyen yon oganizasyon ki rele APADD ki ap travay pou bay kiltivate akse ak fomasyon, semans, zoutil, mikro-kredi, e yo ap envesti benefis yo nan kominote yo a.

 

 

Demontreuil localize nan komin Jacmel. Genyen  600 moun kap viv ladann ki repati ak 20 fanmi. Peyizan Demontreuil  kiltive mayi, kann,sitron,mandarin,kokoye,manyok ak anpil lot pwodwi. Nan kominote a gen yon gwoupman peyizan ki rele APADD (Asosiyasyon de Peyizan pou Devlopman Demontreuil). Li te fonde nan ane 1997. Gwoupman sa a travay nan domen devlopman kominote a tankou lekol, agrikilti, sante, wout, ak pwoteksyon anviwonmantal.

Pou agrikilti a, yo bay fomasyon ak peyizan yo, yo distribiye zoutil agrikilti ak semans, ak plantil pou yo fe pepinye. Yo bay semans tomat, abriko, piman, ak plantil banan. Yo fe koneksyon ak lot enstans pou ede peyizan kontinye avanse nan domen agrikilti. Leta te bay gwoupman yon trakte John Deere pou ede yo labore te a. Anbasad Canada te bay yo yon moulin mayi ke gwoupman jere, li mande 5 goud pa mamit pou moun sevi ave’l e ak fon sa a yo ka repare’l le li gen pwoblem. Moulin nan gen 4 an.

Yo bay peyizan fomasyon sou koman yo pwoteje anviwonman. Le wout la gen yon pwoblem, se gwoupman ki met men ansamn pou yo repare wout la yo memn. Chak le reyinyon, peyizan fe kotizasyon – chak moun bay yon kontribisyon jan yo kapab (pi piti 5 gourdes). Avek fon yo ramase nan men peyizan yo, yo ede moun nan kominote a le yo gen pwoblem. An plis, yo gen yon fom de micro-kredi kominote a, kote yo prete peyizan lajan pou jaden yo oswa ti bisnis. Benefis yo kembe pou pwoje kominote a, tankou yo ede paran ki paka paye lekol pou timoun yo.

 

 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Catholin Wilson. Telefon:38499824
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Jacmel
Partners: 
Anbasad Kanadyen