Tirivyè (Petite Rivière de l’Artibonite)

 Yon gwoup jen agwonom ki te gen konesans yo te swaf pataje ak kominote a, e sa pouse yo pou fe yon kowoperatif agrikol ki fo anpil.

 

RACPABA - Réseau des associations cooperatives pour la production et la commercilisations du Bas-Artibonite.

Ininisyativ sa pran nesans nan lokalite segi (Ségur). Yon seri jenn agwonòm ki te obsève fèb rannman yon ekta tè nan vale Latibonit.  Apre anwiwon 2 lane ekperyans yo wè pou rantabilize yon ekta tè yap bezwen Apre rezilta sila, yo te wè nesesite pou ale pataje eksperyans la ak lòt moun. Yo te ale rankontre ak  lòt dirijan koperativ nan Balatibonit la sou nesesite pou mete yon rezo kanpe kote yo pral pataje konesans ak eksperyans.

Objektif Rezo a se amelyore kondisyon lavi plantè yo nan bayo kredi ak asistans tekni pou fè jaden yo. Jodi a Rezo a genyen konsèy administrasyon 7 manm kap dirijel ki soti nan chak koperativ manm yo. Li geyen 2000 man, 6 traktè agrikòl ak 9 moto kiltè. Yon  laboratwa pou fè tès sou diri, 2 sant kondisyònman semans ak yon Sant tranfòmasyon. Nan chak period pwodiksyon nan Latibonit lan, RACPABA bay yon mòd kredi, kote li bay plantè yo yo kredi nan nati sa vle di li machinen tè pou yo, bay yo semans ak ensektisid epi asistans teknik. Nan retou plantè yo remèt grenn diri ak semans diri bay RACPABA. Yo envesti nan moulen modèn pou redwi pèt diri a nan moulen. 

 

Telechaje rapo konple (kreyol): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Genel Louis-Jeune, agwonòm, responsab sektè pwodiksyon nan RACPABA. Telefòn : 3792 0825.
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Segi
Commune: 
Ti Rivye (Petite Rivière)
Partners: 
Oxfam Intermón, Oxfam International epi Oxfam America