IJDS, Sivadye (Cyvadier)

Yon òganizasyon ki rele IJDS ap fòme yon nouvo jenerasyon nan konsevasyon anviwonman pa aji kòm yon teren demonstrasyon pou yon nouvo tip chabon ki fèt avèk po kokoye ak fimye bèf.  Tou yo fè pepinye pyebwa, twalèt byolojik, ekip foutbòl jenès, epi eko-touris. 

 

Sivadyè se yon kominote nan komin Jakmèl, nan direksyon Lès de vil la.

IJDS (Inyon Jèn pou Devlopman Sivadye) se yon òganizasyon dinamik kit e fonde pa Joe Duplan an 2006.  Li gen yon misyon anviwonmantal ki trè fò, avèk yon gwo pepinye pyebwa, yon twalèt byolojik, epi yon ti zòn eko-touris pou vizitè ki sipòte inisyativ IJDS yo.  IJDS tou sipòte yon jèn ekip foutbòl ki rele JahJah Lions.  Sepandan, pi gwo batay pou IJDS se rebwazman: Joe ak kolèg li yo te devlope yon tip chabon ki fèt ak po kokoye ak 

fimye bèf, ki sèvi avèk yon recho espesyal ki byen efikas.  Kominote alantou IJDS gentan komanse sèvi avèk nouvo metòd sa pou fè manje, epi yon manm kominote a menm travay avèk Joe volontèman pou li ka resevwa pwòp aparey pa l pou fè brikèt chabon yo pou kont li.  IJDS se pati yon rezo de òganizasyon kominote nan tout peyi a ki konsyan de anviwonman ki rele KANA (Koalisyon Ayisyen Nasyonal pou Anviwonman).     

Lòt kominote kapab aprann anpil de IJDS ak aktivite inovativ anviwonmantal ak sosyal yo, epi yo ta ka adapte, fasilman, près brikèt la epi sistèm pwodiksyon an pou kominote pa yo (gen anpil materyèl byolojik ki ka ranplase pyebwa pou fè chabon)

 

 

 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Joe Duplan, telephone: 38448923
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Jacmel