COSMAH-Stm, St Marc

Categories:

COSMHA se yon gwoup jèn Ayisyen ki te fòme nan kartografi pa yon òganizasyon entenasyonal ki rele ‘Humanitarian OpenStreetMap Team’, epi ki gen misyon pou mete Ayiti sout kat jeyografi a, toude literalman ak metafòikman.  

 

 

‘OpenStreetMap’ se yon platfòm global sou entenèt ki demontre donne jeyografik ki lib pou tout moun nan lemond ka gen aksè.  Ekip ‘OpenStreetMap’ se yon gwoup volontè ki ale nan peyi apre yon dezas pou ede yo konstwi yon bon kad de donne jeyografik ki ka ede fasilite repons sekou ak rekiperasyon.  Kat jeyografik an Ayiti yo te trè mal, epi sa te yon gran obstak pou sekou apre tranbleman tè a an 2010.  Ekip ‘Humanitarian OpenStreetMap’ te vini epi yo te fòme yon gwoup Ayisyen kijan pou itilize aparey GPS, kolekte donne jeyografik, epi edite donne sou platfòm OSM sou nèt, epi sa te kontribye anpil pou disponibilite de donne apre dezas tranbleman tè a (anplis de efò plizyè santèn volontè sou nèt). 

 

Apre siksè de fòmasyon nan Potoprens yo, mapè Ayisyen yo te fòme yon òganizasyon ki rele COSMHA (Kominote OpenStreetMap Ayiti), epi toulede gwoup sa yo te komanse chache fason pou fòme plis Ayisyen nan kartografye.  ‘Humanitarian OpenStreetMap’ ak COSMHA te kreye yon pwojè avèk USAID pou fòme 30 jèn Ayisyen nan tout seksyon Sen Mak pou kartografye pwòp kominote pa yo epi kreye yon kat pwofesyonèl pou zòn nan.  Apre yon peryòd 3 mwa, yo te fin fòme 30 jèn sa yo nan tout konpetans yo ta bezwen pou vin vre mapè.  Lè sa, yo divize komin Sen Mak pou kartografye tout pwen de entere:  lekòl, riyèl, legliz, biznis, ets.  Apre sa, yo te edite kat sa sou nèt epi tout donne a vin lib pou nenpòt moun ki ta vle itilize l.

 

Kounyea, kòm pwojè ofisyèl sa te fini, mapè nan Sen Mak yo te deside kreye gwoup pa yo ki rele COSMHA-STM, epi yo kontinye travay volontèman pou elabore kat la, pou fòme lòt jèn nan kartografye, epi pou kontribye nan lòt pwojè kartografye ak volontè yo.  Kounyea yo se yon gwoup jèn pwofesyonèl ki toutan ap panse sou kijan pou itilize konpetans yo, pa sèlman jis pou tèt yo, men pou kominote a ak peyi yo. 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Louisius Wedens, tel: 3743 3959, Charles Shamar, 3884 5895
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
St Marc
Partners: 
USAID, Humanitarian OpenStreetMap Team