OSODFO, Cap Wouj

Kap Wouj se lakay Fò Oge istorik la, ki te abandone pa gouvènman epi ki vin tonbe nan delambre.  Tout kominote a mobilize pou eseye reyabilite fò a, epi pou reklame l kòm yon sit istorik pou peyi a.  



 

Kap Wouj se yon seksyon riral nan mòn Nò Jakmèl ki gen anviwon 16,000 abitan.  Li se sit istorik yon fò ki rele Fò Oge, ki te konstwi an 1805, anne apre Ayiti genyen endepandans li, pa Nikolas I.  Rezon pou konstriksyon fò a te pou pwoteje peyi a kont yon atak nan Sid pa lanmè pa Frans, ki Ayisyen konn pè yo ta eseye reprann teritwa nenpòt fason ki posib.  Donk, kanpe nan fò a, w ka we tout kòt Jakmèl la avèk tout kominote ki tout atravè li.  Sepandan, gouvènman an pa t gen pwogram pou prezève oubyen pwoteje fò a, epi li komanse tonbe nan delambre.
 
 

Kominote Kap Wouj te komanse reyalize ke fò a se yon resous ekstraòdinè epi yon trezò pou kominote a, epi paske leta pa t ap pran responsablite pou li, kominote a dwe fè sa.  Donk, an 2006, yo te fonde yon òganizasyon ki rele OSODFO (Òganizasyon Sosyal pou Devlopman Fò Oge), avèk vizyon pou reyabilite fò a epi, atravè sa, pou reyabilite kominote a.  Yo ta renmen pou fò a vin yon sit pelerinaj epi, si yo kapab retounen fò nan yon eta ki fyè, lè sa leta ta vle envesti nan enfrastrikti nesesè pou mennen touris yo vini, tankou yon bon wout (menm si OSODFO gentan komanse mobilize kominote nan konbit pou travay sou wout la).  

OSODFO tou travay ansanm avèk koperativ agrikiltirèl nan zòn nan, pou jere yon pepinye legim pou bay kiltivatè yo ti plant epi tou yo travay pou ede lekòl lokal la.  

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jean Philippe Alliance:36313361
Haitian Creole

Success gradient: