G27, Jacmel

Yon koperativ ki gen ladann 27 atelye atizan atravè Jakmèl ki pou pataje depans, ogmante vizibilite, fè pwomosyon kilti rich Jakmèl la, epi pou anseye jenès pou vin atizan. 

 

Jakmel se kè kiltirèl Ayiti a, lakay senbòlik pou powèt, pent, mizisyen ak atis de Ayiti.  Men Jakmèl se vreman sinonim ak youn bagay:  atizan.  Lari etwat Jakmèl yo chaje ak ti atelye atizan, kote w ap jwenn tout bagay sòti nan feronri ak kalbas pentire rive nan bijou (kolye, bwaslè, zanno, ets) ki pou vann.  Atizan Jakmèl yo pi renome pou travay nan fòm atizay ki se papye-mache, epi selebrasyon kanaval chak anne a ki se yon parad de jeyan figi nan papye-mache.  Men paske gen tèlman anpil atizan nan Jakmèl, anpil fwa yo goumen pou fè travay yo vizib, pou vann yo nan bon pri, oubyen pou jwenn yon bon espas nan kanaval la. 

G27 vle di “Gwoup de 27”, paske premyeman li te yon koleksyon de 27 atelye atizana atravè Jakmèl (koperativ la gen anpil plis manm kounyea) ki te fonde an 2009.  Yo chak gen atelye endividyèl yo, men yo pataje yon espas komèn kote yon manm ap vann tablo yo.  Koperativ la toujou fè kontwòl sou kalite de tout travay atizay pou asire ke tout bagay ki pou vann se de bon jan kalite.  Yo di sa enpòtan pa sèlman pou rèvni koperativ la, men tou l ap ede prezève ak ankouraje kilti Jakmèl la.  Kòm yon gwoup, yo tou ka pi byen defansè pou bezwen yo, tankou pou jwenn sibvansyon oubyen yon espas ideyal nan kanaval pi popilè Jakmèl la.  G27 tou denyeman te gen yon ti pwojè avèk UNESCO, kote yo te itilize espas nan dezyèm etaj bildin yo pou anseye jenès atravè Jakmèl kijan pou kontinye kenbe tradisyon atizana nan vil la.  

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Blaise Elie:37929977
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Jacmel
Partners: 
UNESCO