Valere

Kominote Valere rebwaze tet li apre plis ke 20 an ap travay pou sa, e l'ap fe yon model fore dirab. 

 

 

OJPV: òganizasyon jèn pwogresis Valere.  


Fonde 6 janvye 1987 apre depa rejim divalyeris la. Sou gouvènman Divalye yo (les Duvalier) otorite yo te koupe pifò pye bwa nan zòn Valere a ki se yon lokalite nan Dezam. Yo te konn rele zòn nan zòn  Kamoken.Sa vle di moun  ki te nan rebelyon kont pouvwa Divalye yo. Lè rejim nan te tonbe nan lane 1986 li te kite zòn Valere Debwaze nèt. Se sa ki te pèmèt kreyason OJPV.

OJPV fè entèvansyon nan domèn agwoforestye. Yo genyen yon pepinyè, yo fè resiklay papye plastic, yo fè konpòs epi yo fè sansiblizasyon ak fòmasyon sou valè ekonomik epi enpòtans pye bwa.Pepinyè a pwodwi 40 000 plantil chak ane. Pou yo fè pouse ti plant yo, yo ililize kampòs yo menm yo reyalize nan OJPV ak matyè òganik. 85% plantil yo distribye bay moun nan kominote a san lajan. 5% plantil yo vann ak manm kominote a epi rès 10% an OJPV plante yo nan yon forè yap devlope nan tèt Rivyè Boukan Lafèt la yo bay non Forè demonstrasyon. Lajan ki rantre nan lavant plantil yo 40% ale jwenn moun kap travay nan pepinyè a, 40% ale nan kès OJPV epi rès 20% patisipe nan yon ti pwojèt kominotè.

Telechaje rapo konple (kreyol): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Feneck Gilbert +(509) 3788 7869
Michelet Elisema +(509) 3897 3733
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Desarmes
Commune: 
Verettes
Partners: 
MCC, Menonite Central Community, ki ede ak fomasyon e kek materyel