Success Stories

ATIH, Lalwè (Lalouère)

Lalwè gen yon sistèm irigasyon konplèks ki jere pa yon konsey reprezantan ki sòti nan tout zòn ki benefisye de dlo a

Zaboka

Yon kominote izole ki rele Zaboka mobilize pou fè yon lekòl pou kominote a, epi kote yon patènarya dinamik pèmèt pwofesè lokal pou bay edikasyon pou zòn izole sa a

Gaillard

Gaya se yon kominote kote solidarite se kilti pou viv la, epi plizyè gwoupman kominote ap kolabore nan tout bagay ki enkli asistans sosyal, agrikilti epi kilti.  

Pyat (Piatre)

Pyat se yon kominote ki beni avèk sous natirèl, men li pran anpil koperasyon ak angajman nan kominote pou jere sous yo pou bay kominote tout dlo yo bezwen epi pou fè yon bon kiltivasyon krèson.  

IJDS, Sivadye (Cyvadier)

Yon òganizasyon ki rele IJDS ap fòme yon nouvo jenerasyon nan konsevasyon anviwonman pa aji kòm yon teren demonstrasyon pou yon nouvo tip chabon ki fèt avèk po kokoye ak fimye bèf.  Tou yo fè pepinye pyebwa, twalèt byolojik, ekip foutbòl jenès, epi eko-touris. 

AFODE, Lakwa Peris

Lestè se lakay yon gwoup fanm ki rele AFODE ki travay pou fòme fanm nan kominote a sou sije ki enkli patisipasyon demokratik ak fanmi planin, tout ki fèt avèk resous lokal, epi yo tou òganize aktivite kiltirèl pou kominote a.

ATAL, Calumette

ATAL se yon òganizasyon pou kominote a ki gen anpil siksè avèk pepinye pyebwa, epi eksperyans nan ranfòsman kapasite kominote atravè fòmasyon nan agrikilti ak mikwo-finans. 


ODCC/KOREPA, Kan Kòk (Camp Coq)

Kan Kòk se yon kominote ki gen fò nan pwoteksyon anviwonman ak inovasyon, epi ki angaje nan aktivite ki enkli rebwazman, atizana banbou, epi pwòpte nan kominote a. 

Community Music School, Gran Jil (Grand Gilles)

Gran Jil se lakay yon lekòl mizik pou kominote a ki tou ede timoun avèk edikasyon yo epi abilite pwofesyonèl yo.


OPK, Karakol (Caracol)

Karakol se lakay yon òganizasyon kiltivatè ki itilize yon pepinye kakawo pou sipòte yon lekòl kominote. 

Pages