Zaboka

Yon kominote izole ki rele Zaboka mobilize pou fè yon lekòl pou kominote a, epi kote yon patènarya dinamik pèmèt pwofesè lokal pou bay edikasyon pou zòn izole sa a

Gen yon zòn ki rele Zaboka ki sitye lwen nan mòn yo ki trè izole.  Kominote te gen yon lekòl men li te kraze apre yon dezas natirèl.  Lè sa, timoun yo te oblije mache prèske dezèdtan pou ale lekòl.  Anpil moun nan kominote a analfabèt, donk yo te we enpòtans yon lekòl nan zòn nan epi yon òganizasyon ki rele Devlopman pou Jèn de Montay te mobilize e defansè pou rebati lekòl la.

Otorite lokal yo deside pran reskonsablite pou lekòl la, epi peye pwofesè yo.  Kominote te bay tè pou lekòl la, Bank Mondyal te peye pou konstriksyon an, epi pandan setan UNICEF te bay yon tant pou lekòl la te ka komanse an 2011.  Kounyea, gen 28 timoun nan lekòl la, epi paran yo tèlman kontan avèk lekòl la ke yo ta renmen enskri tèt yo pou aprann li ak ekri tou.  Sa se yon egzanp yon kominote ki konprann epi ki defansè pou priyorite yo, pou bay sèvis basic nan kominote a atravè patènarya djanm.   

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
La Montagne
Partners: 
Local authorities, World Bank, UNICEF