Community Music School, Gran Jil (Grand Gilles)

Gran Jil se lakay yon lekòl mizik pou kominote a ki tou ede timoun avèk edikasyon yo epi abilite pwofesyonèl yo.




 

Gran Jil se yon seksyon kominal nan Gran Rivyè di Nò ki gen anviwon 10,500 abitan.  Li gen yon anviwonman ki rich anpil, avèk fore vas epi 11 sous natirèl nan mòn yo.  Kominote ap goumen ak pwoblèm sanitasyon, men yo komanse bay anpil aksan sou edikasyon pou jèn yo.  

Youn nan pi gwo inisyativ yo se nan domenn edikasyon: Gran Jil gen yon lekòl mizik pou kominote a ki anseye timoun de nenpòt laj pou jwe plizyè enstriman ki enkli piano, gita, epi saksofòn.  Tou yo itilize espas la kòm yon lekòl pwofesyonèl (pa egzanp, pou montre jèn fanm kijan pou koud, ets) epi kòm yon espas pou etidye (yo gen òdinatè disponib pou ede timoun ak leson yo).  Yon pati lajan ki nesesè pou ede lekòl la fonksyone sòti nan men timoun ak kominote yo, epi yon pati sòti nan men yon donatè ki deyò kominote a.

 

 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jean Romelus, director of the music school. Telephone: 38689816
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Gran Jil
Commune: 
Grand Riviere du Nord