OPADEL, La Montagne

 OPADEL se yon òganizasyon kominote ki trè dinamik ki enplike tèt li nan tout bagay ki enkli pwodiksyon pepinye epi jesyon yon lekòl preskolè, tout ki sa yo fè pou bay jenès la yon rezon pou rete nan kominote a. 


 

OPADEL (Òganizasyon pou Devlopman Lamontay) te fonde 10 Fevriye, 2004 pa yon gwoup moun nan kominote a, moun ki edike epi tou ki pa edike.  Yo te kreye gwoup sa paske yo te obsève ke pa t gen anyen nan kominote a pou jenès yo. Tout jèn moun ki te gen yon ti edikasyon yo te ap kite kominote a. 

OPADEL divize nan 5 komite diferan, ki konsiste de kiltivatè, jenès, fanm epi timoun.  Chak gwoup yo reyini yon fwa pa semen epi chak gen objektif ak aktivite endividyèl pa yo, men OPADEL toujou opere kòm òganizasyon antye a.  OPADEL gen yon pepinye pyebwa pou kominote a, ki pwodwi 10,000 plant pa anne, epi yo itilize pwòp angre byolojik pa yo pou fè plant yo.  Yo tou gen yon jaden kominote kote yo fòme jèn moun nan agrikilti, epi yo itilize sistèm konbit pou jere jaden kominote yo.  

OPADEL tou enplike nan edikasyon:  yo jere yon lekòl preskolè epi yo vin patnè avèk yon òganizasyon ki rele YEL pou etabli yon sant enfòmatik.  Yo tou voye jèn moun nan Inivèsite ,an Potoprens, men sèlman avèk kondisyon y ap tounen nan kominote a lè yo fin etidye pou bay sèvis yo.

Lamontay gen yon pakèt konesans pou anseye lòt kominote, ki enkli jesyon pepinye epi jesyon lekòl preskolè.  Yo se yon kominote ki avanse ase pou yo ka jere yon sant enfòmatik, men yo toujou kenbe tradisyon kiltirèl ki se konbit.  Se tip de pwensip sa yo (epi pwensip ki ankouraje jenès yo pou tounen a kominote a, menm apre yo fin gradye nan inivèsite) ki pou tout moun aprann.  

 

 

 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Dominique Romeald, President of OPADEL. Telephone: 37376364
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
La Montagne
Commune: 
Jacmel
Partners: 
Planet Urgance, YEL, Embassy of Japan