EMASE, Ti Haiti (Cite Soleil)

EMASE, ki se yon lekòl kominote nan katye Ti Ayiti nan Site Solèy, te vin reyabilite atravè yon efò kominote epi ki gen vizyon pou yon fòm edikasyon ki pi pratik ak sivik pou Ayiti.

EMASE (Lekòl Miks Asanble Sen Espri) se yon lekòl kominote nan katye Ti Ayiti nan Site Solèy.  Li te fonde nan anne1990 yo, men tranbleman tè 12 Janvye, 2010 te kraze lekòl la.  Anviwon 2 an apre, kominote a deside lè a rive pou reyabilite epi re-lanse EMASE kòm yon lekòl gratis pou timoun nan kominote yo ki pa gen mwayen.  

Kominote a te kontribye lajan, epi yo te jwenn sipò yon nouvo pwogram gouvènmantal ki pou ede lekòl yo, epi yon reyisit nan reparasyon lekòl EMASE a.  Epi, gras a bon relasyon kominote a genyen avèk yon òganizasyon ki rele Haiti Communitere, yo te jwenn kontribisyon nan men HC ak yon lòt patnè ki rele Burners Without Borders pou kouvri lekòl la, epi lòt zanmi nan kominote a te kontribye pou achte materyèl pou fè ban lekòl (yon chapant lokal te fè mendev la).  Kounyea lekòl la ap fonksyone epi 100 timoun deja enskri pou lekòl prime.  Lekòl la tou sèvi kòm yon espas pou fè reyinyon nan kominote a, kote yon mouvman spò pou jèn ki rele Metanoia fè reyinyon sou sije edikasyon sivik chak semen.

Vizyon a se pa sèlman pou gen yon lekòl gratis pou kominote a, men pou gen yon lekòl modèl ki ap eseye bay yon edikasyon ki pratik epi ki bay timoun yo yon sans de dwa ak responsiblite yo kòm Ayisyen.  Pwensip de devlopman epi edikasyon ki kondwi pa kominote kapab yon gid ak enspirasyon pou lòt kominote; EMASE ap chache plis konsey, fòmasyon epi sipò nan men gwoup ki gen eksperyans nan domenn edikasyon kominote. 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Fenelon Romel, direkte lekol la. Telefon: 34994664
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
Haiti Communitere, Burners Without Borders, the Haitian government