Dezam (Desarmes)

 GASA se yon gwoup jen ki fini inivesite e ki tounen nan kominote yo pou ede elaji yon sant pwofesyonel
 

GASA (Groupe d’Accord Solidarité Action)

Fonde nan ane 2005. Se yon gwoup jèn ki te soti nan inivèsite kite leve nan zòn Dezam ki te deside mete tèt ansanm pou travay pou devlopman Dezam. Soti 2005 pou rive 2009 yo te konn òganize fòmasyon ak seminè pou òganizasyon lokal yo epi pou pwofesè lekòl. Nan lane 2009 la ak konsansis ant la Meri Vèrèt, ODD (Organisation  pour le developpement de Desarmes), PDID (Projet de developpement integré de Desarmes) epi notab nan zòn nan yo te reouvè EPD (Ecole profesionnel de Desarmes) ki te fèmen depi lane 2007 la. 

Depi lè sa Gasa reoryante kisis (cursus) lekòl la. Li ajoute opsyon jesyon anviwònman ak pwodiksyon agrikòl, elektrisite, mecanik oto,  teknik jeni sivil, teknik jesyon ak kontabilite.Lekòl la sèvi moun ki soti Lyankou, Tirivyè, Lachapèl ak lòt zòn tou pwe a. Depi lè a Gasa kòmanse devlope lòt aktivite ki toujou konekte ak fòmasyon kap dispanse lekòl la. Aktyèlman yap agrandi lekol la, yap konstwi yon boutik agrikòl, ak yon sant transfòmasyon agwo-endistriyèl yo genyen yon fèm animal ak yon jaden eksperimantal sou senk kowo tè.

 

Telechaje rapo konple (kreyol): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Wanso Jules, yon de responsab nan GASA. Telefon : 3844 1042
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Desarmes
Commune: 
Veret
Partners: 
GRAICO, MCC, ACDI, EIRENE SUISSE, NOUVELLE PLANETE.