UCOODEPSA, St Michel

Sen Michèl rekoni kòm kapital kleren Ayiti a, men tou li se yon kote ki rich an mango.  UCOODEPSA anbake ak yon inisyativ pou transfòme mango (ak lòt fwi lokal) pou kreye yon mwayen pou viv ki dirab epi tou pou pwoteje anviwonman an.

 

 

St Michèl te toujou yon zòn agrikiltirèl men, akòz pwoblèm ak wout yo, li te toujou difisil pou 

transpòte pwodwi yo nan mache a.  Tou, te gen anpil pye mango ki pa t gen valè komèsyal, epi anpil kiltivatè te konn koupe yo, ak lòt pye fwi, pou fè chabon paske yo pa t we lòt valè nan yo. UCOOPEDSA komanse an 2004, lè yon gwoup agrikiltè te vin fristre akòz de ti kras pwodiktivite ak rantabilite de efò yo, epi deside ke yo ta gen plis sekirite si yo ta mete resous yo ansanm epi aji kòm yon koperativ. 

Apre yo resevwa fòmasyon nan grèf ak transfòmasyon fwi nan men yon òganizasyon ki rele PRODEVA, UCOODEPSA komanse ofri manm yo grèf pyebwa ki gen plis valè.  Yo te komanse transfòme fwi avèk metòd senp, jiskaske yo vin patnè avèk Oxfam pou etabli yon sant transfòmasyon pi modèn, ki kounyea pèmèt yo achte yon gran kantite fwi nan mache lokal la.  Yo transfòme mango nan mango seche, like, diven, ji, epi lòt pwodwi; tou yo gen lòt ti branch òganizasyon ki ap transfòme temaren ak fwi agrim yo.     

Tout depans pou opere sant transfòmasyon an finanse pa rèvni pwodwi koperativ la.  Koperativ la gen yon kèk douzen anplwaye pandan sezon mango a, gran majorite ki fanm.

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
St Michel
Partners: 
PRODEVA, Oxfam