Pyat (Piatre)

Pyat se yon kominote ki beni avèk sous natirèl, men li pran anpil koperasyon ak angajman nan kominote pou jere sous yo pou bay kominote tout dlo yo bezwen epi pou fè yon bon kiltivasyon krèson.  

 

 Pyat se yon seksyon kominal ki chita sou tèt yon ti mòn zòn Sidès nan komin Sen Mak.  Mòn sa gen plizyè sous natirèl ke kominote a pwoteje e jere nan yon fason pou tout kominote a benefisye dlo a:  yon sous rezève pou dlo potab, yon lòt rezève pou bèt bwe ladan, epi yon twazyèm kanalize nan yon sistèm kote gen yon baraj ki jenere kouran, epi kote dlo siplemantè a itilize pou fè agrikilti


Yo itilize dlo pou agrikilti a pou irige yon plant trè spesifik: krèson.  Gras a bon jesyon sous yo, prèske chak fanmi nan Pyat gen yon ti moso tè ki irige kote yo kiltive krèson pou vann nan mache Sen Mak ak Potoprens.  Sistèm irigasyon sa pèmèt kominote a kiltive lòt bagay tou, men krèson se rekòt la ki kenbe kominote a, ki voye timoun lekòl, epi ki ede tout moun ak bezwen yo.  Tout sa se gras a bon jesyon sous natirèl yo pa kominote a.  

 

 

 

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Pyat
Commune: 
St Marc