OPECS, Norway (Cite Soleil)

OPECS se yon koperativ pèch nan Site Solèy ki trè dinamik epi ki bay kominote Nòwe nan Site Soley anpil solidarite. 

 


OPECS (Òganizasyon Pèche Site Solèy) te fonde an 1996 nan kominote Nòwe nan Site Solèy, ki sitye bò lanmè.  Li gen yon komite santral de 9 moun, ki jere tout òganizasyon ki gen 1,025 manm.  Koperativ sa konsiste de tout kominote ki fè lapèch nan Site Solèy, sòti nan Waf Jeremi epi rive jis nan seksyon riral nan Site a.  

OPECS sèvi prensipalman kòm yon koperativ pèch, epi yon kontwi bato komèn epi ofri pèchè yo ekipman pou yo ka pran lanmè epi fè kòb.  OPECS gen yon ti lokal bò lanm           e, kote yo estasyone tout bato yo, epi kote yon gen yon espas pou triyaj epi vann pwason yo, epi tou yon chanm fwad (ki pa fonksyone depi tranbleman tè an 2010).  Tout pwodwi pechè yo kenbe nan lanmè, yo sipoze pataje avèk koperativ la: mwatye se pou OPECS epi mwatye se pou pèchè a.  Lè sa, OPECS divize kòb koperativ la nan 3 pati: youn pati se pou aktivite sosyal nan kominote a, yon pati se pou achte materyò pou aktivite lapèch epi pou repare bato yo, epi twazyèm pati antre nan yon kès kominote pou lè gen yon manm nan koperativ la gen yon pwoblèm oubyen ijans.  

Tou OPECS enplike tèt li nan plizyè lòt tip travay kominote, pifo ki fokis sou jenès nan Nòwe pou bay yo plis opòtinite edikatif epi aktivite sosyal.  Nòwe tou gen yon mouvman fanm ki djanm anpil, epi kominote a mete anpil enpòtans sou pwòpte nan katye a, plante pyebwa, pentire kay yo, epi pou reyabilite espas piblik yo.  OPECS tou jere yon blòk latrin ki se youn nan twalèt piblik ki pi pwòp nan Site Solèy.   

Nòwe gen anpil yo ka anseye lòt kominote sou kijan pou jere yon koperativ lapèch epi kijan pou pran swen kòt la.  

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jhonny Jeudy TEL :36800218 46541521
Patrick Tertulien. Telephone: 36522386
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
3em Section Communale
Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
AVISI, PADF, -BMPAD, IOM, Red Cross