OPDB/COPDPDS, Belanje

Belanje se yon kominote ki se kay yon òganizasyon dinamik ki travay toude pou sipòte kiltivatè zòn nan epi nan jesyon sistèm dlo potab pou nan kominote a, epi tou gen yon akademi foutbòl ki fè anpil siksè.

 

 

OPDP (Òganizasyon Peyizan pou Devlopman Belanje) sèlman egziste depi 2010, men li deja gen 187 manm epi travay nan anpil domenn:  li gen yon seksyon jènes, kote li bay fòmasyon pwofesyonèl pou jèn gason ak fanm nan Belanje; yon seksyon fanm, ki bay fòmasyon epi ki òganize aktivite nan sèvis kominote epi aktivite pou solidarity finansyèl; yon sektè konstriksyon, kote yo voye jèn pou aprann mètod konstriksyon anti-sismik; yon sektè agrikiltè, ki itilize konbit pou pwòpte kanal irigasyon nan zòn nan, epi ki OPDP bay aksè a semans sibvansyone, yon traktè, epi mache kominote a. 

OPDP travay an patènarya avèk COPDPPD, ki responsab pou dlo pwòp nan kominote a.  Yo te evalye eta pòv pou dlo ak sanitasyon nan zòn nan epi deside ekri yon plan pou rezoud pwoblèm nan.  Yo te jwenn sipò yon òganizasyon ki rele Helveticas Ayiti, ki pèmèt yo pwoteje e kapte sous lokal la epi pou dirije dlo a nan 2 sitèn ak 5 tiyo kominal pou distribye dlo pwòp pou popilasyon, epi yo kolekte frè sèvis dlo a (10 goud pa semen) pou jere l.  Epi tou, kounyea y ap kontwi twalèt kominote avèk Helveticas. 

Belanje tou se kay yon akademi foutbòl pou ki sipòte pa patisipasyon kominote (ansanm ak kontribisyon koperativ kiltivatè a), epi ki tèlman reyisit ke kounyea gen de nan gradye yo ki jwe pou ekip nasyonal la.  

 

 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jean Lor, 38962972
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Verettes
Partners: 
Helvetas