ODCC/KOREPA, Kan Kòk (Camp Coq)

Kan Kòk se yon kominote ki gen fò nan pwoteksyon anviwonman ak inovasyon, epi ki angaje nan aktivite ki enkli rebwazman, atizana banbou, epi pwòpte nan kominote a. 

 

 

Kan Kòk se yon seksyon kominal nan Lenbe, ki nan direksyon Lwès de Okap (inèdtan edmi nan machine) sou Wout Nasyonal #1.  Kominote a sitye akote yon gwo rivyè, nan yon zòn avèk anpil mòn kote genyen min lò aktif epi rimè de min petwòl.  Vilaj la te dekouvri pa Jan Jak Desalin lè l t ap vwayaje an Nò anvan revolisyon an.  Desalin te rive nan zòn sa lè solèy t ap leve, epi tout kòk yo t ap chante, donk li bay vilaj la non “Chan de Kòk”, ki depi lè sa vin chanje a “Kan Kòk”. 

Kominote a gen plizyè bon òganizasyon ki aktif, tout ki kolabore ansanm.  Youn se ODCC, ki te komanse pou òganize kominote nan kiltivasyon pwa nwa ak yanm kòm yon aktivite pou sipòte bagay sosyal, tankou pou voye timoun a lekòl.  Depi lè sa, òganizasyon an elaji pou travay nan lòt inisyativ sosyal, tankou rebwazman, pwòpte nan kominote, epi pou voye timoun lekòl, sa ki pa gen mwayen yo.  Youn nan aktivite yo ki pi enpòtan kounyea se atizana ak banbou.  Yon lòt òganizasyon, KOREPA, ap travay avèk kominote a depi 1989 pou rebwaze zòn nan, epi yo angaje nan yon bann lòt inisyativ ki pou pwoteksyon anviwonman epi pou monte kapasite nan domenn agrikilti.  Epi tou, lòt òganizasyon nan kominote a te menm ede Kan Kòk konstwi pwòp komisarya pa l.    

Kominote sa gen anpil bagay valab pou anseye lòt moun: rebwazman ak jesyon pepinye, konsèvasyon sol epi jesyon rivyè, atizana banbou, epi pwodiksyon yanm.  Tou, gen anpil pou aprann de kominote sa sou kijan yon rezo òganizasyon lokal kapab efikas nan repons a bezwen kominote a. 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jacqueline, Spokeswoman for ODCC. Telephone: 37498253
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Camp Coq
Commune: 
Limbe
Partners: 
Ministry of Agriculture, USAID-DEED (for reforestation and conservation works)