Michineau

 Yon kominote nan mòn ki trè prodiktif nan agrikilti men ki te izole, lwen a wout pwensipal yo.  Yo reyisit pou angaje otorite lokal ak yon patnè pou fè yon wout.

 

 

Michino se yon kominote nan mòn deyò Jakmèl nan depatman Sidès la.  Tankou anpil kominote nan mòn yo an Ayiti, yo trè pwodiktif nan agrikilti, nan pwodiksyon mayi, manyok, yanm, bannann, e plis, men yo pa t ka rive nan vre potansyèl yo poutèt mank bon wout.  San bon wout, pwodwi agrikòl pa p ka rive nan mache Jakmèl ak pi lwen, epi pwodwi nan Michino yo t ap gate nan mòn nan

Donk, kominote a te komanse mobilize, depi plizyè anne pase, pou rezoud sityasyon an.  Yo te komanse travay volontèman pou fè pwòp wout pa yo pou demontre dedikasyon kominote a, epi apre yo enplike otorite lokal yo.  Kominote ak kasek lokal la te komanse fè demann 

pou plis sipò epi, lè sa, senatè lokal ak yon ONG nan rejyon ki rele CROSE bay prete yo kèk traktè pou fasilite travay wout la.  Nan moman sa te ekri, wout la ap pwogrese, epi kominote tèlman fyè ke lè siklòn Sandy t ap menase kot Sidès la, yon lidè kominote di ke yo pa pè:  depi gen wout, siklòn Sandy ka detwi nenpòt sa l vle, epi popilasyon ta ka plante, vann epi rekomanse vi yo ankò. 

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Andressaint Rohan:38099297
Haitian Creole

Success gradient:

Partners: 
CROSE, Senator Lambert