La Difference, Twa Bebe (Cite Soleil)

La Difference se yon kominote nan Site Solèy ki te transfòme tèt li nan yon senbòl pwòpte ak responsablite katye a atravè solidarite kominote epi komanse avèk sa yo genyen.
 
 
 

3Bebe se yon katye nan Site Solèy, sitye jis akote kanal notwa Sen Jòj, ki pote dlo ansanm ak dechè sòti pi wo nan Potoprens rive jis nan lanmè a.  3Bebe, tankou anpil kote nan Site Solèy nan epòk sa, te toude sal epi danjere.  An 2004, yon jèn gason ki rele Italien Stephen te envite yon zanmi nan lekòl li pou vizite lakay li.  Epi li te tèlman wont pou kijan zanmi l te reyaji a eta katye li ke li deside ke sa te sifi.  Li te rele yon reyinyon pou katye a kote l te declare “se pa yon katye ki fè moun, men se moun ki fè yon katye”.  Kominote a deside batize tèt li ak non “La Difference”, epi avèk pwòp resous pa yo (kèk bale prete epi po televizyon kòm brouèt), popilasyon La Difference la te komanse pwòpte lari yo.

8 anne apre, La Difference toujou katye ki pi pwòp nan tout Site Solèy, epi petèt nan tout Potoprens.  Atravè pwòpte chak jou, poubèl ki fèt ak men oubyen ke moun bay yo, penti vivan, epi flè ak pyebwa, se sa ki fè La Difference vreman diferan nan prèske tout lòt katye yo nan Site a.  Rezidan La Difference yo rete angaje pou pwòpte lari yo, menm nan epòk ki danjere, epi atravè vizibilite yon vre solidarite nan kominote a, se posib pou kenbe lari yo ansekirite tou.  La Difference bay tout rezidan yo valè ak diyite atravè aktivite, evènman, yon imaj pwòp, epi yon festival agro-atizanal chak anne.  Yo tou travay pou edike lòt kominote sou enpòtans pou pran responsablite pou lari yo, epi yo defansè pou yon solisyon ki pi solid pou rezoud pwoblèm fatra nan kapital la.   

La Difference gen anpil konesans pou pataje nan domenn pwòpte kominote, epi anpil kominote ta ka aprann de apwòch La Difference itilize ki mete aksan sou bay rezidan yo diyite atravè itilizasyon sa yo genyen.  La Difference kapab konsidere yon fòs pozitif nan Site Soley, epi yo deja reyisit pou enspire plizyè douzen lòt kominote pou pran responsablite lari pa yo.   

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Stephen Italien, President of La Difference. Telephone: 36315255
Michel Wilgempson, Spokesperson of La Difference. Telephone: 39184952
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cite Soleil