Gwayavye

Gwayavye se yon kominote ki izole nan mòn men ki itilize sistèm konbit ak òganizasyon lokal pou prezève yon agrikilti gaya, epi adrese pwoblèm dlo nan kominote a.    
 
 
 
 

Gwayavye se yon seksyon kominal ki chita sou tèt yon mòn nan zòn Jakmèl.  Zòn nan pa gen anpil dlo, men yon klima fre fè zòn nan ideyal pou pwodwi legim tankou chou ak pomdetè.  Gen yon sèl wout, ki trè lon ak anpil koub, ki rive nan kominote a men ki an delambre, epi li trè difisil pou transpòte pwodwi agrikòl yo rive nan vil Sen Mak jis anba mòn nan.

Gwayavye konn itilize konbit, ki se yon zouti tradisyonèl, pou goumen kont obstak sa yo.  Kominote a òganize tèt yo nan yon seri rezo konbit diferan, kote chak manm gen opòtinite pou tout lòt manm nan rezo pa l vin travay nan jaden pa l pandan yon jou pou gratis, epi pou remèt jès la, yo oblije travay nan jaden lòt manm yo tou.  Gwayavye itilize yon fòm konbit ki espesyal, kote gen youn manm nan konbit la ki pa pwopriyete tè; lòt manm rezo yo ap bay manm ki pa gen tè yon ti kòb pou sèvis pa l, jiskaske li kapab achte pwòp tè pa l.  Kilti konbit la fò nan kominote sa, epi yo itilize li pou opere yon lekòl epi jere lòt aspè lavi nan kominote a.   

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Gwayavye
Commune: 
St. Marc
Partners: 
USAID (for transport of agricultural goods)