Guacimal, St Raphael

Yon kominote ki, tèlman avèk anpil siksè, kwaze bèf lokal avèk yon bèf etranje epi fòme kominote nan elvaj ke kounyea yo pwodwi tèlman anpil lèt ke yo distribye l nan lekòl lokal yo gratis.

Sen Rafayèl, sitye ant Ench ak Okap, se yon kominote ki trè prodiktif nan agrikilti epi ki gen youn nan pi gwo mache piblik an Ayiti.  Deyò vil prensipal la, Sen Rafayèl gen anpil ti seksyon riral, chak ki gen yon spèsyalite agrikiltirèl spesifik.  Youn nan ti seksyon riral sa yo rele Gwasimal.  

Anpil nan kiltivatè Gwasimal yo angaje nan elvaj bèf pou vyann ak lèt, men yo vin we ke bèf yo pa twò pwodiktif.  Apre yo fin fè yon ti rechèch ak eksperimantasyon, yo deside pou kwaze bèf

 peyi avèk yon bèf etranje pou kreye yon bèf ki adapte ak anviwonman Gwasimal la, men ki pi pwodiktif, epi yo reyisit.  You tou te dekouvri zèb elefan, yon tip zèb ki se eksepsyonèlman nourisan pou bèt pastoral.  Yo pataje tout konesans sa ak lòt kiltivatè nan zòn nan, epi kounyea Gwasimal ap pwodwi tèlman anpil lèt ke y ap fè distribisyon lèt nan lekòl lokal yo gratis.   

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Wilsey (coordinator) 38461743
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Guacimal
Commune: 
St Raphael