ATAL, Calumette

ATAL se yon òganizasyon pou kominote a ki gen anpil siksè avèk pepinye pyebwa, epi eksperyans nan ranfòsman kapasite kominote atravè fòmasyon nan agrikilti ak mikwo-finans. 


 

ATAL (Asosyasyon Teknisyen Agrikiltirèl Lenbe) sitye nan Kalimèt, ki se 4yèm seksyon nan komin Lenbe (anviwon inèdtan edmi nan direksyon Lwès de Okap sou Wout Nsyonal #1).  

 

Òganizasyon sa te fòme pa yon gwoup jèn gason ki te fòme pa agwonom pandan epòk enstabilite apre koudeta an 2001. Lè peyi a te komanse tounen nan yon eta nòmal, yo te deside itilize konesans yo.  An 2007 yo te fòme ATAL, epi yo te komanse avèk yon ti pepinye pyebwa, epi yo te bay pyebwa yo a lekòl yo epi manm nan kominote a.  Yo te tèlman fò nan pepinye sa, yo te komanse jwenn pi gwo kontra pou prepare ti pyebwa pou gwo òganizasyon tankou USAID-DEED.  Rèvni de aktivite sa yo te re-envesti nan kominote a.  Yo te komanse anseye kiltivatè nan kominote a metòd pou plante ki pi efikas, epi yo te bay yo ti plant ak semans.  ATAL tou enkli yon mouvman fanm.  Paske yo te obsève yon nesesite pou

 mikwo-finans, yo te prete 5 fanm yon pati nan rèvni pepinye a.  Epi lè 5 fanm sa yo fin remèt prè yo, yo ta prete 5 lòt fanm, ets. Kounyea, ATAL fin prete plis ke 60 fanm kòb pou komanse oswa ranfose ti biznis yo, epi yo gen vizyon pou kontinye api pou agrandi pwogram sa a.   

ATAL kwe anpil nan enpòtans fòmasyon, epi yo gen kapasite pou fòme lòt òganizasyon nan jesyon pepinye pyebwa, rebwazman, epi plizyè teknik agrikiltirèl.  Yo tou gen eksperyans nan fòme yon federasyon avèk koperativ kiltivatè epi òganizasyon kominote atravè komin nan. 

 

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Johnny Joseph, President of ATAL. Telephone 31562738
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
La Croix
Commune: 
Limbe