AFODE, Lakwa Peris

Lestè se lakay yon gwoup fanm ki rele AFODE ki travay pou fòme fanm nan kominote a sou sije ki enkli patisipasyon demokratik ak fanmi planin, tout ki fèt avèk resous lokal, epi yo tou òganize aktivite kiltirèl pou kominote a.

 

Lestè se yon komin nan vale Latibonit ki se yon zòn agrikiltirèl ki trè rich.  Gen yon seksyon kominal ki rele Lakwa Peris ki andan Lestè.  Rivyè Ravin-a-Koulèv pase nan mitan kominote a, men agrikilti a toujou depann sou lapli a. 

Lakwa Peris gen yon òganizasyon fanm ki rele AFOD (Asosyasyon Fanm Pwogresiv pou Devlopman Lestè) ki djanm anpil.  Vizyon yo se pou sansibilize fanm yo sou dwa ak responsablite yo nan demokrasi Ayiti a, epi de enfòmasyon sou swen sante epi fanmi planin.  Pou fè sa, yo fè fòmasyon ak fowòm pou kominote a, epi yo itilize aktivite kiltirèl, tankou teyat ak dans, pou fè mesaj yo pase.  Yo angaje nan aksyon sivik lè yo pwòpte kominote a apre yon inondasyon epi lè lekòl ouvri, epi yo kontribye pami yo menm pou fè aktivite yo.

 

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Lakwa Peris
Commune: 
Leste
Partners: 
RACPABA, CODEL