ATIH, Lalwè (Lalouère)

Lalwè gen yon sistèm irigasyon konplèks ki jere pa yon konsey reprezantan ki sòti nan tout zòn ki benefisye de dlo a

 

 

Sistèm irigasyon nan Lalwè plase nan zòn ki pi enpòtan.  Yo rele zòn irige sa PPI, ki vle di ‘ti perimèt irige’.  Yo te fouye kanal yo avèk fòs men yo epi kiltivatè yo toujou fè konbit pou pwòpte kanal yo.    

Sistèm irigasyon an jere pa ATIH (Asosyasyon Tèt Ansanm Irigatè nan Wo Sen Mak).  ATIH gen yon strikti ki gen yon konsey avèk 7 manm ki eli.  Manm sa yo sòti nan 18 blòk ki irige yo epi yo gen yon manda 2 zan.  Chak blòk gen yon komite ak 5 manm, ki se kiltivatè nan blòk yo.  Lè eleksyon fèt, chak blòk deside sou yon reprezantan pou komite a.  Se 5 manm sa yo nan chak komite ki konsiste 18 blòk yo ki gen dwa vote nan eleksyon an.   

 

 

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Lalwè
Commune: 
Senmak