Gaillard

Gaya se yon kominote kote solidarite se kilti pou viv la, epi plizyè gwoupman kominote ap kolabore nan tout bagay ki enkli asistans sosyal, agrikilti epi kilti.  

 

 

Gaya se yon seksyon kominote nan komin Kay Jakmèl ki gen 25,000 abitan.  Li se yon zòn agrikiltirèl ki fè kiltivasyon pwa frans, mayi, jenjanm, pitimi, bannann, yanm, epi kafe.   

Gaya se yon kominote kote solidarite se fason pou viv la.  Plizyè òganizasyon lokal travay ansanm nan yon varyete domenn:  gen gwoup jèn ki fè aktivite kiltirèl pou lòt jèn epi ki konseye pa 

granmoun nan kominote a.  Kominote a itilize konbit pou ede youn lòt avèk jaden yo epi pou fè wout nan kominote a.  Rèvni rekòlt yo antre nan yon kès kominote pou lè manm kominote gen pwoblèm oubyen ijans ki mande asistans (tankou maladi oubyen antèman), oswa pou ede paran voye timoun yo lekòl si yo manke mwayen.  Denyeman, kominote a komanse mobilize tèt li pou vin pi rezistan kont dezas natirèl ki konn afekte l.   

 

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Jean Andrestin Mercredi,Casec. Telephone: 37295004
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
Gaillard
Commune: 
Cayes Jacmel