Shouk Bwa Libete, Gonaives

Chouk Bwa Libète se yon gwoup mizik rasin ki anbwase kilti ak atizay tradisyonèl Ayisyen an, epi ki te kreye yon espas nan kominote kote yo anseye jèn Ayisyen yo pou kontinye ak tradisyon sa yo.  

Kilti Ayisyen tradisyonèl la, espèsyalman pati ki touche sou kilti vodou an, komanse ap diminye poutèt yon gran enflyans de Etazini ak lòt peyi etranje ki pwisan yo.  Dans folklò, mizik tradisyonèl, epi atizay vizyèl ki inik pou Ayiti toujou egziste epi yo toujou briyan, epi sa se gras a gwoup ki dedike pou kenbe yo vivan.

Chouk Bwa Libète se youn nan gwoup sa yo:  li se prensipalman yon gwoup mizik ki egziste pou plis ke dizan, ap jwe stil mizik rasin nan.  Men, pa sèlman yo ap kenbe kilti sa vivan atravè jwe mizik yo menm, yo ap kiltive yon nouvo jenerasyon jèn Ayisyen pou apresye atizay Ayisyen tradisyonèl yo.  Yo toudenyeman ap devlope yon espas nan kominote pou atizay nan Gonayiv, kote yo anseye jèn Ayisyen pou pentire, skilte, danse, epi fè mizik nan yon fason ki inikman Ayisyen pou yo ka kenbe tradisyon atistik Ayisyen an vivan.

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Ti Aye. Tel: 3790-8436.
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Gonaives