Vodrey (Vaudreuil)

Vodrey, ki sitye nan zòn riral Site Solèy, se yon kominote agrikiltirèl ki trè dinamik epi ki gen anpil siksè avèk yon sistèm mikwo-kredi ki rele Mutuelle de Solidarite.  

 

Vodrey se yon kominote nan pati Nò an Site Solèy, ki se yon zòn riral.  Li se yon kominote agrikiltirèl, sitye akote Rivyè Griz la, ki gen anviwon 1,000 abitan.  Nan anne 1980 yo, 

kominote a menm te yon plantasyon kann ki te pou konpay HASCO (Konpay Sik Ayisyen Ameriken), men nan 1991, HASCO kite peyi a poutèt enstabilite politik.  Nan anne apre yo, kiltivatè nan zòn nan te komanse pran kontwòl plantasyon an a epi yo transfòme tout teren yo nan jaden rich ki pwodwi yon varyete manje, tankou bannann, legim ak kokoye.  Depi komansman transfòmasyon an, kiltivatè nan Vodrey yo deside angaje tèt yo nan agrikilti 

byolojik epi, avèk asistans yon agronom ki t ap travay avèk Ministè Agrikilti a epi yon òganizasyon ki rele FLM (Federasyon Mondyal Lutheran), yo te jwenn fòmasyon nan kiltivasyon byolojik epi, apre sa, yo te fòme yon koperativ pou kiltivatè byolojik yo. 

Aksè kredi toujou difisil pou kiltivatè an Ayiti yo, donk rezidan Vodrey yo te gen chans pou jwenn yon fòmasyon sou yon tip de mikwo-kredi, ki se tradisyonèl men tou ki inovativ, ki rele Mutuelle de Solidarite.  Sa k te komanse avèk yon sèl mutuelle nan 2008, jounen jodia kominote a genyen 14, epi sistèm sa touche tout moun nan kominote a, dirèkman oubyen endirèk.  Yo te tèlman reyisit ke yo deside fòme yon koperativ pou ranmase tout resous yo ansanm pou benefis kominote a, epi yo te fonde REMUSOV (Regwoupman Mutuelle de Solidarite Vodrey).  Avèk kredi koperativ REMUSOV te bay, ansanm ak ekspètiz koperativ kiltivatè a, Vodrey te gen kapasite pou etabli yon sistèm pou agrikilti pwoteje, yon pepinye, yon sistèm irigasyon ‘gout-a-gout’ kòm eksperimantasyon, kiltivasyon vè tè, twalèt byolojik, yon pepinye banbou ak yon inisyativ pou ranfòse bò rivyè a, epi yo antre kouran nan kominote a.  Kominote a tou òganize nan mobilizasyon pou jistis anviwonmantal.   

Vodrey toujou gen volontè pou pataje konesans li sou sistèm Mutuelle de Solidarite a epi tout sa li konnen sou agrikilti byolojik ak jistis anviwonmantal. 

Telechaje rapo konple (kreyol): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Rene Jean Hudson, REMUSOV. Telephone: 36657467. E-mail: <rjeanhudson@yahoo.fr>
Gardy Guerrier, REMUSOV: Telephone: 37095630
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
1er section Varreux
Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
FLM, Haiti Communitere