SAKALA (Pax Christi)

 Pax Christi/SAKALA: Edikasyon sivik pou jènes Site Solèy ak aktivite spòtif e anviwonmantal.

 

 

SAKALA se yon pwogram devlopman kapasite jenn moun ke Pax Christi Ayiti komanse an 2006. SAKALA melanje aktivite espò pou entegrasyon sosyal, lidechip jenn, edikasyon lapè, ak aktivite anviwonmantal. Aktivite SAKALA yo li kanpe sou 4 poto: Lapè, Respè, Espò ak Anviwonman. Objektiv yo se fè jènn yo vin otonom nan zafè devlopman kominote yo ap diminye stigma nan Site Soley. Yo te kreye opòtinite ekonomik pou jènn adilt ak andikape nan kan SAKALA gen anviwon 300 timoun ak jènn moun ki benefisye  direkteman de diferan kalite ak jènn adilt ki nan pwogram nan pwogram SAKALA yo.

. Prensipal pwogram SAKALA yo se : Espò, Anviwonman, Sèvis Kominote, Edikasyon ak sosyete.

  • Espò : Ekip foutbòl ‘’ Inyon’’ yo ki bay ti gason ak ti fi ki soti nan diferan katye nan Site Soley chans pou jwe foutbòl ansanm nan lidè pou ankouraje lapè, edikasyon ak entegrasyon sosyal.
  • Anviwonman : Jaden Tap Tap ki bay edikasyon sou jan pou fè manje nan lavi epi bay chans pou moun lavil fè ti kob nan travay jaden lavil.
  • Sevis kominote : Pou enkouraje lidechip jen yo enplike yo nan tout kalite aktivite kominote pou montre ke se jen yo ki espwa chanjman e yo bewen yo pou kominote yo.
  • Bous detid pou ale lekol epi refleksyon ak chita pale.

Sa yo ka aprann lot kominote a se kijan pou itilise espo pou fe edikasyon sivik, e ankadre timoun ki vilnerab yo. Yo gen anpil eksperyans ak aktivite pou promosyon lape. Yo gen anpil konesans sou fe jaden nan vil yo, sa vle di jaden nan kawoutchou, e sou kiltivasyon ak transfomasyon doliv. 

 

Telechaje rapo konple (kreyol): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Daniel Tillias direkte egzekitiv Tel: 3649-1493
Herold Garry Laurent Tel: direkte pwogram Tel: 3775-6524
Haitian Creole

Success gradient:

Section communale: 
3em Section Communale
Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
Bochika