Recycling Center of Bwa Nef

Manithe Laguerre opere yon sant resiklaj nan Site Soley ki vin kreye yon makèt pou boutey plastik (ke anvan te konn bouche kanal nan Site yo) atravè yon apwòch komèsyal pou fè riyèl nan Site Soley yo vin pi pwòp.    

 

Site Soley se yon komin ki manke disponibilite sèvis sosyal, ki enkli yon sistèm pou ranmase fatra regilyèman.  Site Soley tou gen yon rezo ti kanal, ki trè souvan sèvi pou vide fatra ladann, epi ki pafwa vin tèlman bouche avèk fatra ke yo debòde; plizyè lòt katye yo jete fatra direkteman nan lanmè an, ki pa bon pou anviwonman ak pechè lokal yo.  Youn nan pi gwo koupab yo ki bouche kanal la se boutey plastik ak anbwate polystyrèn.  Bagay sa yo kreye yon sityasyon ki frajil anpil pou sante rezidan Site Soley yo.

Yon ONG entenasyonal k ap travay an Ayiti ki rele Samaritan’s Purse te lanse yon inisyativ ki rele “Ramase Lajan”.  Yo te seleksyone 30 kandida epi yo enskri yo nan yon fòmasyon sou resiklaj epi jesyon de biznis.  Epi, nan 30 kandida yo, 6 ki bay plis espwa pou reyisit yo te resevwa yon ti sant resiklaj nan kominote yo pou jere kòm yon ti biznis:  youn nan Bwa Nèf, youn nan Waf Soley, youn nan Waf Jeremi, youn nan Belekou, youn sou Wout Nasyonal #1, epi youn sou Wout 9.  Kounyea, yo tout ap fonksyone kòm yon ti biznis, san okenn sipò ekstèn.  Manithe Laguerre, operatè sant resiklaj nan Bwa Nèf la konsidere kòm pi gwo siksè nan tout 6 yo.

Sant resiklaj yo louvri pou biznis 6am-7pm, Lendi pou Samdi.  Sant yo gen yon balans epi yon aparey pou konprese boutey plastik yo.  Lè boutey plastik yo fin kolekte, yo lave yo epi konprese yo jiskaske yo plat epi apre sa yo peze yo sou balans la.  Sant resiklaj yo peye 4 goud pa liv epi apre say o vann yo 6 goud pa liv.  Nòmalman, yon sant resiklaj ka achte plis ke 1,000 liv nan yon jou.  Le lapli tonbe, yo ka achte jiska 1,500 pa jou, paske fatra ki sòti nan lòt katye nan Potoprens vin antre Site Soley nan kanal yo.  Denyèman, sant sa yo komanse achte bwat aliminyòm yo (Jimex, V8, ets; ou ka fonn yo pou fè chodye ak kiye) pou 12 goud epi pou vann pou 15-20 goud. 

Sant resiklaj sa yo ap agrandi makèt la pou pwodwi resikle epi bay moun yon vre ensantif pou ede Site Soley vin pi pwòp.  Anplis de 5 anplwaye nan sant resiklaj Misye Laguerre lan, gen moun inonbrabl ki ogmante revni yo epi ki nan menm tan ap evakye tout boutey plastik yo ki konn sal lari e kanal yo.

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Manithe Laguerre, 37146598
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cite Soleil
Partners: 
Samaritan's Purse