RCDZL, Ravine Des Roches

Yon mouvman nan Ravin de Wòch pou adrese mank de wout ak enfrastrikti nan kominote a atrave travay volontè ak patisipasyon kominote a. 

 

Ravin de Wòch se yon kominote nan komin Lenbe ki sitye nan mòn e ki gen yon gwo ravin atrave zòn nan.  Tankou anpil kominote riral ki simile, enfrastrikti se youn nan pi gwo obstak, espesyalman san bon wout pou konekte abitan yo avèk Wout Nasyonal #1 ak mache yo, lekòl, e posibilite pou travay deyò zòn nan.  Ravin nan (ki kontribye non “Ravin de Wòch” la) tou poze yon gran obstak pou moun nan kominote a.  

Pou adrese sa a, yon gwoup lidè kominote nan Ravin de Wòch deside kreye yon inisyativ ki rele RCDZL (Asanble Kominote pou Devlopman Zòn Lenbe) 

epi rekrite lòt òganizasyon ak koperativ kiltivatè lokal yo pou patisipe nan konstriksyon yon wout.  Yo itilize metòd travay tradisyonèl la, ki rele konbit, pou mobilize popilasyon an, epi piti piti yo konstwi yon wout ki rive nan kominote pa yo a. 
Wout la te tèlman byen konstwi ke yon dyaspora ki sòti nan kominote a te fè l ase konfidans pou envesti nan yon klinik nan Ravin de Wòch, gras a aksè wout la bay.  Jounen jodia, RCDZL ap toujou mobilize pou kontinye fè wout la epi adrese pwoblèm ravin nan, tout atrave patisipasyon kominote a. 

 

 

GPS coordinates: 
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Limbe