Nouvelle Vie, Cap Haitian

Nouvelle Vie (Nouvo Vi) se yon rezo dinamik de jèn Ayisyen ki ap aprann konpetans nan yon fason pou viv ansante epi ak respè pou Latè a, epi tou pou anseye lòt moun nan domenn sa


Gen yon òganizasyon entenasyonal ki rele IAHV (Asosyasyon Entenasyonal pou Valè Imèn) ki spesyalize nan yon metòd pou viv ansante epi ak respè pou tout.  Apre tranbleman tè 12 Janvye, 2010, IAHV te vini Ayiti pou asiste nan domenn tròma, pou bay moun abilite nan jesyon strès, meditasyon, epi lòt metòd pou adrese tròma ekstrèm nan yo te soufri pandan epi apre tranbleman tè a.  Se te pandan inisyativ sa yo dekouvri yon gwoup jèn Ayisyen nan Sid peyi a ki trè dinamik, epi yo deside kreye yon pwogram pou devlope yo kòm lidè.   

 

Yo te resevwa yon sibvansyon nan men USAID pou fòme yon gwoup 19 jèn lidè, ki sòti nan tout peyi a, nan yon pwogram ki ta pèmèt yo vin endividyèl ki fò, ki antreprenè, epi ki lidè nan kominote yo, epi yo rele pwogram sa Nouvelle Vie (Nouvo Vi).  Yo te rekrite jèn yo nan Okay, Jakmèl, Ench, Okap, Potoprens, epi lòt zòn epi yo mennen yo a Okap kote yo te viv pandan plizyè mwa pou pran fòmasyon entansif nan anpil sije ki enkli pèmakilti (yon apwòch dirab ki enkli tout bagay sòti nan agrikilti rive nan konstriksyon), etik ak pwensip, meditasyon, lidèchip kominote, yoga, nitrisyon, jesyon stress, epi antreprenarya.  Apre sa, jèn yo te tounen lakay yo pou eseye mete tout sa yo te aprann an Pratik, swa atravè pwòp biznis pa yo, oubyen avèk inisyativ pou kominote a.

Gwoup "Nouvelle Vie" an Okap la konsiste de 2 moun ki te deside itilize kay kote yo rete pou kreye yon sant fòmasyon pou kominote a.  Yo ofri sesyon yoga chak Samdi epi meditasyon chak Dimanch, epi yo vizite kominote riral atravè depatman Nò a pou bay fòmasyon a koperativ kiltivatè yo nan domenn agrikilti byolojik epi konpòs (angre natirèl) ak bon metòd pou plante.  Yo tou resevwa, trè souvan, demann pou fòmasyon epi yo gentan fòme plizyè santèn moun nan yon varyete sije.  Kay yo li menm se yon sant demonstrasyon:  yo te enstale yon jaden sou do kay la ki demontre pwensip jadinaj ibèn (yo plante nan vye kawotchou ak lòt bagay rekipere), epi yo jere, avèk siksè, yon sistèm vèmakilti (ki se yon kiltivasyon vè tè ki pou fè yon bon angre pou plant yo epi pou vann).

Download full report (in english): 
GPS coordinates: 
Primary contact: 
Wilner Ferdinand, 36051501
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Cap Haitian
Partners: 
IAHV, USAID