MIJD, Desalin (Dessalines)

Desalin se lakay yon òganizasyon ki rele MIJD ki, pandan kèk anne pase, reyisit pou fè yon wout machin rive nan kominote a, epi tout travay sa ki te fèt avèk la men epi ak volontè. 

 

Desalin se yon komin ki sitye nan vale Latibonit; sant vil la se yon zòn istorik, antoure pa 6 fò ansyen ki te konstwi nan anne apre Ayiti pran endepandans. Sepandan, gen pati nan komin Desalin ki plis riral api izole, tankou yon kominote ki rele Tiplas Machann.  Kominote sa pa aksesib pa machine; ou ka sèlman rive avèk moto, bourik oubyen apye.

Yon gwoup jenès nan zòn nan te fonde yon òganizasyon ki rele MIJD (Mouvman Entegre de Jenès Desalin) an 2009. Gwoup jèn sa te deside travay ak men yo pou konstwi yon wout, senpleman avèk pik, pèl, wou, ak volontè yo.  Kounyea, machin gen fasil aksè a kominote a, epi sa pote anpil opòtinite pou kominote a.  MJID tou travay pou distribye founiti lekòl pou timoun lokal anvan lekòl la ouvè.

GPS coordinates: 
Primary contact: 
Noel Angelet, resident of Tiplas Machan, secretary general of MIJD. Telephone: 3761 2799.
Haitian Creole

Success gradient:

Commune: 
Desalin